Dènye mizajou a te fèt nan dat 29 out, 2019. Ou kapab jwenn ansyen vèsyon yo nan achiv.

APÈSI JENERAL

Byenvini nan Wellframe! Wellframe se yon aplikasyon mobil ki kapab ede w aprann enfòmasyon sou sante w, swiv eta sante w, epi kominike fasilman atravè mesaj avèk yon klinisyen oswa yon manm pèsonèl la. Tanpri revwa Règleman sou Konfidansyalite Vi Prive nou an avèk atansyon epi klike sou “Aksepte” pou rekonèt ke w konprann fason Wellframe ka trete enfòmasyon pèsonèl ou yo. Yo kapab poze kesyon adisyonèl pou asire nou gen konsantman w pou rasanble ak itilize enfòmasyon pèsonèl ou pou rezon byen presi. Pou fasilite w, nou rezime kèk pwen enpòtan sou Règleman Konfidansyalite Vi Prive nou an pi ba a, men kanmèm ou dwe revwa tout Règleman sou Konfidansyalite Vi Prive a, an detay. Wellframe ka trete enfòmasyon pèsonèl ou pou rezon ki annapre yo:

  • rasanble, konsève ak itilize enfòmasyon pèsonèl ou pou ba w sèvis ke w aksede atravè aplikasyon mobil sa a. Nou ka itilize tyès pati pou ede founi sèvis sa a ba ou nan non nou e nou ka pataje enfòmasyon pèsonèl ou avèk yo pou rezon sa a, ikonpri founisè ebèjeman nyaj (cloud) nou an. Tyès pati sa yo gen obligasyon, selon kontra nou gen ak yo pou yo pwoteje enfòmasyon pèsonèl ou;
  • revele enfòmasyon pèsonèl ou bay pwofesyonèl swen sante w yo ak founisè yo;
  • transfere enfòmasyon pèsonèl ou bay sant done ki Ozetazini Damerik oswa nan Inyon Ewopeyèn yo epi ebèje Enfòmasyon Pèsonèl ou nan sant sa yo.
  • depèsonalizasyon enfòmasyon pèsonèl ou (pou li pa idantifye w ankò) epi bay sèten pati byen espesifik enfòmasyon sa a sou fòm agreje oswa sou fòm ki pa agreje, e sa gen ladan l asosye nou yo ki nan domèn swen sante ak/oswa nenpòt nan afilye yo; ak
  • divilgasyon Enfòmasyon Pèsonèl ou konfòmeman ak sa lalwa egzije.

Si ou pa dakò pou nou trete Enfòmasyon Pèsonèl ou pou rezon sa yo, oswa si ou pa dakò ak nenpòt lòt kondisyon nan Règleman sou Konfidansyalite Vi Prive nou an (gade pi ba a), tanpri piga itilize aplikasyon mobil nou an.

ENTWODIKSYON

Objektif Règleman sou Konfidansyalite Vi Prive sila a se pou enfòme itilizatè yo sou kijan Wellframe Inc. (“Wellframe,”, “nou,” “pa nou”, oswa “noumenm/n”) kolekte ak itilize enfòmasyon pèsonèl atravè aplikasyon nou yo, sitwèb nou yo ak lòt sèvis (kolektivman, “Sèvis” la). Ka se te yon esponnsò endepandan ki te envite w itilize Sèvis la, tankou pwofesyonèl swen sante w, konpayi asirans sante w, responsab swen w lan, oswa nan kad yon etid klinik (“Esponnsò”). Règleman sou Konfidansyalite Vi Prive sila a kouvri fason Wellframe trete Enfòmasyon Pèsonèl Idantifyab (“PII”) ou ak Enfòmasyon Pwoteje sou Sante (“PHI”) ou, (kolektivman “Enfòmasyon Pèsonèl”) ke Wellframe kolekte, resevwa, mentni, estoke, oswa transmèt. Se chwa w si wi oswa non ou vle bannou enfòmasyon sa a men si ou refize, ou pa kapab itilize yon pati oswa tout Sèvis nou an. Lè w klike sou “Aksepte” nan fen Règleman sou Konfidansyalite Vi Prive sa a, ou konsanti pou Wellframe kolekte epi itilize done w yo jan sa dekri pi ba a.

KOLEKSYON AK ITILIZASYON ENFÒMASYON

Pi ba a w ap jwenn kategori pou Enfòmasyon Pèsonèl yo ke nou kolekte sou ou ak kijan nou itilize Enfòmasyon Pèsonèl ou. Gen kèk enfòmasyon ki ka tonbe nan plizyè kategori ak izaj. Yo ka poze w kesyon adisyonèl konsènan atik ki sou lis sa a pou asire nou gen konsantman w pou n kolekte ak itilize Enfòmasyon Pèsonèl ou pou rezon espesifik.

Ki enfòmasyon Wellframe kolekte

  1. Enfòmasyon ou bay: Nou ka mande ak kolekte enfòmasyon tankou non w, adrès imèl ou, nimewo telefòn ou, adrès ou, dat nesans ou, ak sèks ou pou anrejistre kont ou. Nou itilize enfòmasyon sa a pou n jere kont ou, verifye idantite w, epi ba w Sèvis. Metsouli, nou kokete kontni kominikasyon ou fè yo lè w itilize Sèvis nou yo.
  2. Enfòmasyon nou resevwa nan men tyès pati: Nou ka resevwa enfòmasyon sou ou, ikonpri sa ki liste nan lòt kategori yo, nan men Esponnsò w la. Enfòmasyon sa a ka gen ladan l enfòmasyon demografik adisyonèl sou ou, istorik medikal, enfòmasyon sou asirans sante, oswa lòt enfòmasyon ke Esponnsò w la deside pataje avèk nou. Nou itilize enfòmasyon sa a pou n ranpli obligasyon kontraktyèl nou genyen vizavi Esponnsò w la e pou n ba w Sèvis. Se Esponnsò w la ki kontwole koleksyon ak pataj enfòmasyon sa a.
  3. Enfòmasyon sou Sante: Kòm nou se yon aplikasyon ki gen rapò ak lasante, nou kolekte enfòmasyon sou sante w. Nan kategori sa a, ka genyen, dyagnostik, sentòm, pwosedi medikal, medikaman, dat egzeyat, nòt klinik, karakteristik fizik, ak enfòmasyon sou pwofesyonèl swen sante. Nou itilize enfòmasyon sa a pou n ba w Sèvis, tankou itilize enfòmasyon sou medikaman pou bay notifikasyon sou medikaman yo.
  4. Kominikasyon: Nou kolekte enfòmasyon ki nan kominikasyon ou fè yo atravè Sèvis nou an ki enkli kominikasyon Esponnsò w la voye ba ou. Nan kontni sa a ka genyen enfòmasyon ki nan lòt kategori yo avèk nenpòt lòt enfòmasyon tou ke ou deside pataje atravè Sèvis nou an. Nou itilize kontni sa a pou n ba w yon dosye sou kominikasyon w yo epitou pou n itilize l nan fòm depèsonalizasyon jan nou endike pi ba a.
  5. Entegrasyon done: Nou ka itilize metòd otomatize pou n swiv done ki soti nan akseswa ou mete sou ou pou kondisyònman fizik, aparèy kontwòl byometrik, ak lòt entegrasyon ke ou otorize pou kominike ak Sèvis nou an. Alèkile done entegrasyon sa a vin entegre nan aplikasyon nou an pou ni oumenm ni Esponnsò w la wè ak itilize.
  6. Aktivite sou sitwèb: Nenpòt lè ou vizite sitwèb nou an, kit ou gen yon kont kit ou pa gen youn, nou resevwa ak anrejistre tou enfòmasyon tankou aktivite navigasyon w yo sou sit nou an, adrès IP w la, enfòmasyon cookie yo, ak paj w ap aksede yo. Nou itilize aktivite sou sitwèb la pou rezon sekirite, pou amelyorasyon nan kontni ak pou rezon maketing. Pou w gen plis enfòmasyon sou kisa nou kolekte sou sitwèb nou an, tanpri gade nan Règleman sou Cookie nou an.
  7. Enfòmasyon Analitik: Nou ka kolekte izaj done sou kijan ou itilize Sèvis nou tankou kijan ou itilize aplikasyon an, ki kontni ou li ak kilès ou pi pito, kontni mesaj yo, ak enfòmasyon sou aparèy. Nou itilize enfòmasyon analitik sa a pou n amelyore Sèvis la pou oumenm ak pou lòt itilizatè yo.
  8. Fichye jounal: Pou nou mentni sekirite epi pou n pwoteje ni Sèvis nou an ni done w yo, nou kolekte enfòmasyon tankou adrès IP yo, demann sou sèvè yo, aktivite koneksyon, enfòmasyon sou aparèy, rapò sou pàn, aktivite sou izaj, oswa lòt enfòmasyon pou dekouvri ak reyaji parapò ak evènman pou pwoteje pwodui nou kont menas sekirite, fwòd oswa lòt aktivite ilegal. Nou ka sèvi ak enfòmasyon sa a tou pou n ranfòse obligasyon EULA, konfòmite, ak lòt obligasyon legal nou genyen yo. Depi sa fezab, nou limite enfòmasyon idantifyab ak enfòmasyon sansib ki nan fichye jounal sa yo.
  9. Enfòmasyon sipò: Si w kontakte nou pou kesyon, pwoblèm oswa demann ki konsène itilizasyon Sèvis nou yo, ekip sipò nou an kapab wè Enfòmasyon Pèsonèl ou, avèk nenpòt enfòmasyon adisyonèl ou bay tou, pou nou kapab ede w. Nou ka poze kesyon swivi tou pou n rasanble plis enfòmasyon, depi sa nesesè, pou n ka adrese pwoblèm ou genyen an. Nou konsève enfòmasyon sa a kòm yon dosye pou demann ou fè pou sipò a.
  10. Enfòmasyon Opsyonèl: Nou kapab mande ak kolekte enfòmasyon tou, baze sou konsantman w lan, ki pa nesesè pou itilize Sèvis nou yo; enfòmasyon tankou opinyon sou pwodui, sondaj, analitik sou itilizasyon, ak temwayaj. Nou itilize enfòmasyon sa a pou amelyore ak vann Sèvis nou yo. Esponnsò w la kapab mande enfòmasyon sa a tou pou amelyore pwodui ak sèvis pa yo. Se dwa w pou w refize yo trete done pèsonèl ou pou rezon maketing dirèk, annik kontakte help@wellframe.com oswa itilize bouton “anile enskripsyon (unsubscribe)” an ki nan imèl la.

Pataj

Wellframe pa lwe, pa kontrakte ni li pa vann Enfòmasyon Pèsonèl ou. Wellframe pataje Enfòmasyon Pèsonèl ou pou bay Sèvis la, baze sou konsantman ou, oswa lè sa obligatwa legalman. Pou Esponnsò ou, nou pataje Enfòmasyon Pèsonèl ou pou n fasilite entèraksyon ant oumenm avèk li atravè Sèvis la, pou rapò, pou satisfè obligasyon kontraktyèl e pou satisfè egzijans règlemantè oswa egzijans legal. Pou nou bay Sèvis la, nou pataje done w yo ak founisè ebèjeman nyaj (cloud) nou an e ak lòt founisè endepandan depi sa nesesè pou fonksyonalite. Pou n konfòme nou ak yon pwosedi legal, tèlke yon mezi otorite ranfòsman lalwa oswa yon asiyasyon konparisyon, nou ka oblije pataje Enfòmasyon Pèsonèl ou lè sa a tou. Finalman, nou ka transfere Enfòmasyon Pèsonèl ou bay yon antite oswa bay patikilye ki fè akizisyon, ki achte oswa ki fè fizyon avèk Wellframe, oswa atravè kèk lòt reyòganizasyon biznis.

Enfòmasyon depèsonalize

Anplis de kategori ak itilizasyon ki endike pi wo a, nou ka retire pati idantifyab yo nan Enfòmasyon Pèsonèl ou pou n kreye enfòmasyon depèsonalize oswa enfòmasyon vwale (“Enfòmasyon Depèsonalize”). Nou kapab konbine enfòmasyon depèsonalize ak lòt done pou n mete yo nan ansanm done agreje. Nou itilize Enfòmasyon Depèsonalize nan fason sa yo:

  1. Divilgasyon pou Rezon Komèsyal: Nou kapab otorize, vann oswa pataje Enfòmasyon Depèsonalize avèk kliyan enstitisyonèl, asosye, envestisè ak kontraktè pou nenpòt rezon ki gen rapò ak pratik biznis nou yo.
  2. Amelyorasyon Pwodui: Nou ka itilize Enfòmasyon Depèsonalize pou amelyorasyon pwodui ki enkli Sèvis la avèk tyès pati tou pou evalye pwodui oswa sèvis yo.
  3. Rechèch: Nou ka itilize Enfòmasyon Depèsonalize pou fè rechèch, swa rechèch syantifik, rechèch maketing oswa rechèch komèsyal. Nou ka rann rechèch sa a piblik atravè piblikasyon tankou sa ki nan yon jounal syantifik.

ESTOKAJ AK KONSÈVASYON

N ap estoke enfòmasyon w nan sant done founisè ebèjeman nyaj (cloud) nou yo ki nan peyi Etazini oswa nan Inyon Ewopeyèn, toudepann de peyi kote ou rete a, oswa toudepann de fason ou te aksede Sèvis yo, tèlke atravè pwofesyonèl swen sante w la, atravè esponnsò w la, oswa atravè pwogram oswa etid ou anwole ladan l lan. Nou konsève done w yo pou kantite tan ke sa nesesè defason rezonab pou nou ka ba w Sèvis yo oswa pou n konfòme nou ak lwa ki aplikab la.

KONFIDANSYALITE AK SEKIRITE

Wellframe gen obligasyon legal pou l pwoteje Enfòmasyon Pèsonèl ou. Nou mete anplas kontwòl rezonab fizik, teknik ak administratif pou sekirize ak ede anpeche aksè ki pa otorize, mentni sekirite done yo, epi itilize Enfòmasyon Pèsonèl ou kòrèkteman. Founisè endepandan yo pase atravè yon pwosesis kontwòl epi yo siyen akò konfidansyalite anvan menm nou itilize yo pou yo bay Sèvis la. Kèk nan mezi sekirite sa yo konte sou ou. Tanpri kenbe kritè pou koneksyon w yo sekrè, evite ale nan rezo WiFi piblik, epi dekonekte w depi ou sou aparèy ou pataje ak lòt moun. Si w ta janm sispèk gen yon pwoblèm sekirite ak kont ou, kontakte help@wellframe.comimedyatman.

TIMOUN

Wellframe pa, an tout konesans, kolekte Enfòmasyon Pèsonèl nan men timoun ki gen mwens pase laj 13 lane, e Sèvis nou an pa fèt pou itilizatè ki gen mwens pase laj 13 lane. Si nou ta dekouvri ke nou kolekte pa erè Enfòmasyon Pèsonèl pou yon moun ki gen mwens pase laj 13 lane, n ap efase enfòmasyon sa a tousuit.

DWA POU ENFÒMASYON PÈSONÈL

Ou ka mande pou aksede, chanje oswa anile Enfòmasyon Pèsonèl ou epi w ka mande enfòmasyon konsènan fason nou kolekte, itilize ak divilge jande enfòmasyon sa a lè w kontakte nou nan help@wellframe.com. Nou fè tout efò posib pou nou kenbe enfòmasyon nan dosye w yo egzak ak konplè. Ou kapab ede nou kenbe egzaktitid enfòmasyon w lè w avize nou sou nenpòt chanjman nan Enfòmasyon Pèsonèl ou leplito ke posib. Dwa ou genyen pou aksede, chanje oswa anile Enfòmasyon Pèsonèl ou se pa dwa absoli yo ye. Gen sèten demann ki ka oblije pase pa Esponnsò w la e Esponnsò w la ka refize, modifye oswa onore demann lan limenm. Epitou nou kapab refize w dwa sa yo lè lalwa egzije sa oswa si demann lan gen anpil chans ke li ka revele Enfòmasyon Pèsonèl sou yon tyès pati.

PWOTEKSYON KONFIDANSYALITE VI PRIVE

Wellframe konfòme l ak Kad Pwoteksyon Konfidansyalite Vi Prive Inyon Ewopeyèn-Etazini (EU-US Privacy Shield Framework) (“Pwoteksyon Konfidansyalite Vi Prive”) ke Depatman Komès Ameriken etabli, parapò ak koleksyon, itilizasyon ak konsèvasyon Enfòmasyon Pèsonèl ki soti nan Inyon Ewopeyèn ak Wayòm Ini pou ale nan peyi Etazini baze sou Pwoteksyon Konfidansyalite Vi Prive. Wellframe sètifye bay Depatman Komès ke l ap respekte Prensip Pwoteksyon Konfidansyalite Vi Prive a ki gen rapò ak yon tèl enfòmasyon. Si gen nenpòt konfli ant règleman ki nan Règleman Konfidansyalite Vi prive Wellframe nan, ak prensip Pwoteksyon Konfidansyalite Vi Prive yo, se prensip Pwoteksyon Konfidansyalite Vi Prive yo k ap aplike. Pou jwenn plis enfòmasyon sou pwogram Pwoteksyon Konfidansyalite Vi Prive a, e pou revwa paj sètifikasyon nou an, tanpri ale nan https://www.privacyshield.gov/.

Pou itilizatè nan Inyon Ewopeyèn (EU) ak Wayòm Ini (UK), Wellframe angaje l pou l reponn rekèt ou oswa adrese plent ou konsènan Enfòmasyon Pèsonèl ou, sou trant (30) jou. Si nou pa rezoud plent ou yo parapò ak konfidansyalite vi prive w la, Wellframe angaje l piplis pou l voye yo bay JAMS EU-US Privacy Shield Program (Pwogram Pwoteksyon Konfidansyalite Vi Prive JAMS EU-US), yon founisè altènatif pou rezolisyon dispit ki sitiye nan peyi Etazini. Sèvis JAMS yo gratis pou ou e yo disponib nan https://www.jamsadr.com/eu-us-privacy-shield. Tanpri, remake ke si nou pa rezoud plent ou an atravè mwayen sa yo, kòm yon dènye rekou e selon sikonstans limite, yon opsyon pou abitraj obligatwa ka disponib devan yon panèl Pwoteksyon Konfidansyalite Vi Prive.

JENERAL

Sèvis Wellframe la ka gen ladan l lyen oswa lyen pwofon ki mennen nan lòt sitwèb, ki louvri rezilta rechèch, ki gen done piblik oswa chanèl seleksyone. Anjeneral, Wellframe revwa kontni atik nan nouvèl sou sante oswa piblikasyon ki lye ak sitwèb tyès pati yo, sepandan li pa responsab pou kontni sa yo, ni pou pratik sou konfidansyalite vi prive yo ni l pa responsab pou okenn reklam ki fèt sou sitwèb tyès pati yo. Itilizatè yo fèt pou yo okouran sou sa lè yo kite Sèvis nou an e nou ankouraje yo pou yo revwa deklarasyon sou konfidansyalite vi prive yo ki sou sitwèb chak tyès pati. Wellframe pa responsab pou okenn divilgasyon ou fè dirèkteman bay tyès pati konsènan enfòmasyon pèsonèl ou, ikonpri manm fanmi w ak/oswa zanmi w.

CHANJMAN NAN RÈGLEMAN KONFIDANSYALITE VI PRIVE SA A

Nou ka mete Règleman Konfidansyalite Vi Prive sa a ajou detanzantan depi nou afiche yon nouvo vèsyon sou entènèt la ak nan aplikasyon nou an. Se pou w gade paj sa a detanzantan pou revwa nenpòt chanjman epi gade nan seksyon paramèt aplikasyon nou an tou. Si nou fè nenpòt chanjman enpòtan ki afekte w, selon sa Wellframe detèmine, n ap mete yon avi nan aplikasyon Wellframe nan pou avize itilizatè aktyèl yo. Nou ka mande w pou w aksepte nouvo kondisyon yo; otreman depi w kontinye itilize Sèvis la, ak/oswa depi w kontinye ba nou Enfòmasyon Pèsonèl, sa pral fèt baze sou Règleman Konfidansyalite Vi Prive ki anvigè lè sa a.

KONTAK

Si w gen kesyon oswa sijesyon konsènan Règleman Konfidansyalite Vi Prive sa a, tanpri voye yon imèl pou Wellframe nan help@wellframe.com oswa ekri nou nan:

ATTN: Privacy Officer
Wellframe Inc.
321 Summer St. Floor 7
Boston, MA 02210, USA

Ofisye pou Pwoteksyon Done nou yo pou itilizatè nan EU ak UK yo se Arno Schlösser, DP-Dock GmbH, wellframe@dp-officer.com.

Copyright © 2012-2021 Wellframe Inc. Tout dwa rezève. Avi Legal