Dènye mizajou a fèt nan dat 4 septanm 2020. Ou kapab jwenn ansyen vèsyon an nan archive.

APÈSI JENERAL

Byenvini nan Wellframe! Wellframe se yon aplikasyon mobil ki kapab ede w aprann enfòmasyon sou sante w, swiv eta sante w, epi kominike fasilman atravè mesaj avèk yon pwofesyonèl swen yo oswa manm pèsonèl la. Tanpri revwa Règleman Konfidansyalite Vi Prive nou yo ak atansyon Si wap gade l sou aplikasyon mobil ou a, tape sou “Aksepte” pou w konfime ke ou konprann fason Wellframe kapab trete enfòmasyon pèsonèl ou. Yo kapab poze kesyon adisyonèl pou asire nou gen konsantman w pou rasanble ak itilize enfòmasyon pèsonèl ou pou rezon byen presi. Pou fasilite w, nou rezime kèk pwen enpòtan sou Règleman Konfidansyalite Vi Prive nou an pi ba a, men kanmèm ou dwe revwa tout Règleman sou Konfidansyalite Vi Prive a, an detay.

Wellframe ka trete enfòmasyon pèsonèl ou pou rezon ki annapre yo:

  • rasanble, konsève ak itilize enfòmasyon pèsonèl ou pou ba w sèvis ke w aksede atravè aplikasyon mobil sa a. Nou ka itilize tyès pati pou ede founi sèvis sa a ba ou nan non nou e nou ka pataje enfòmasyon pèsonèl ou avèk yo pou rezon sa a, ikonpri founisè ebèjeman nyaj (cloud) nou an. Tyès pati sa yo gen obligasyon, selon kontra nou gen ak yo pou yo pwoteje enfòmasyon pèsonèl ou;
  • divilgasyon enfòmasyon pèsonèl ou bay esponnsò w tankou konpayi asirans ou, pwofesyonèl swen sante w la, oubyen kèk lòt pwofesyonèl swen sante.
  • transfere enfòmasyon pèsonèl ou bay sant done ki Ozetazini Damerik yo epi ebèje enfòmasyon pèsonèl ou nan sant sa yo.
  • depèsonalize enfòmasyon pèsonèl ou (pou li pa idantifye w ankò) epi itilize enfòmasyon ki rete a defason agreje oubyen ki pa agreje pou amelyorasyon pwodui, maketing, rechèch, e pou bay kliyan nou yo sèvis; epi
  • reponn ak obligasyon legal nou yo.

Si ou pa dakò pou nou trete enfòmasyon pèsonèl ou pou rezon sa yo, oswa si ou pa dakò ak nenpòt lòt kondisyon nan Règleman sou Konfidansyalite Vi Prive nou an (gade pi ba a), tanpri piga itilize aplikasyon mobil nou an.

KOLEKSYON AK ITILIZASYON ENFÒMASYON

Objektif Règleman sou Konfidansyalite Vi Prive sila a se pou enfòme itilizatè yo sou kijan Wellframe, Inc. (“Wellframe,” “nou,” “pa nou”, oswa “noumenm/n”) kolekte ak itilize enfòmasyon w atravè aplikasyon nou yo, sitwèb nou yo ak lòt sèvis (kolektivman, “Sèvis” la). Enfòmasyon Pèsonèl se enfòmasyon ki idantifye w, tankou enfòmasyon sante w, jan sa kategorize pi ba a. Gen kèk enfòmasyon ki ka tonbe nan plizyè kategori. Lè w tape sou “Aksepte” nan fen Règleman sou Konfidansyalite Vi Prive sa a, ou konsanti pou Wellframe kolekte epi itilize enfòmasyon w yo jan sa dekri pi ba a. Ka se te yon esponnsò endepandan ki te envite w itilize Sèvis la, tankou pwofesyonèl swen sante w, konpayi asirans sante w, anplwayè w, responsab swen w lan, oswa nan kad yon etid klinik (“Esponnsò” w) . Se chwa w si wi oswa non ou vle bannou enfòmasyon sa a men si ou refize, ou pa kapab itilize yon pati oswa tout Sèvis nou an paske kèk enfòmasyon nesesè. Ou kapab chanje kèk nan paramèt konfidansyalite vi prive yo nenpòt lè, depi w ale nan paramèt aplikasyon mobil la.

Ki enfòmasyon Wellframe kolekte

  1. Enfòmasyon ou bay: Nou ka mande ak kolekte enfòmasyon tankou non w, adrès imèl ou, nimewo telefòn ou, adrès ou, dat nesans ou, ak sèks ou pou anrejistre kont ou. Nou itilize enfòmasyon sa a pou n jere kont ou, verifye idantite w, epi ba w Sèvis. Metsouli, nou kokete kontni kominikasyon ou fè yo lè w itilize Sèvis nou yo..
  2. Enfòmasyon nou resevwa nan men tyès pati: Nou ka resevwa enfòmasyon sou ou, ikonpri sa ki liste nan lòt kategori yo, nan men Esponnsò w la. Enfòmasyon sa a ka gen ladan l enfòmasyon demografik, istorik medikal, enfòmasyon sou asirans sante, oswa lòt enfòmasyon ke Esponnsò w la deside pataje avèk nou. Nou itilize enfòmasyon sa a pou n ranpli obligasyon kontraktyèl nou genyen vizavi Esponnsò w la e pou n ba w Sèvis. Se Esponnsò w la ki kontwole koleksyon, tretman ak pataj enfòmasyon sa a.
  3. Enfòmasyon sou Sante: Kòm nou se yon aplikasyon ki gen rapò ak lasante, nou kolekte enfòmasyon sou sante w. Nan kategori sa a, ka genyen, dyagnostik, sentòm, pwosedi medikal, medikaman, dat egzeyat, nòt klinik, karakteristik fizik, ak enfòmasyon sou pwofesyonèl swen sante. Nou itilize enfòmasyon sa a pou n ba w Sèvis, tankou itilize enfòmasyon sou medikaman pou bay notifikasyon sou medikaman yo.
  4. Kominikasyon: Nou kolekte enfòmasyon ki nan kominikasyon ou fè yo atravè Sèvis nou an ki enkli kominikasyon Esponnsò w la voye ba ou. Nan kontni sa a ka genyen enfòmasyon ki nan lòt kategori yo avèk nenpòt lòt enfòmasyon tou ke ou deside pataje atravè Sèvis nou an. Nou itilize kontni sa a pou n ba w yon dosye sou kominikasyon w yo epitou pou n itilize l nan fòm depèsonalizasyon jan nou endike pi ba a.
  5. Entegrasyon done: Nou ka itilize metòd otomatize pou n swiv done ki soti nan lòt aplikasyon w yo, nan akseswa ou mete sou ou pou kondisyònman fizik, aparèy kontwòl byometrik, ak lòt entegrasyon ke ou otorize pou kominike ak Sèvis nou an. Alèkile done entegrasyon sa a vin entegre nan aplikasyon nou an pou ni oumenm ni Esponnsò w la wè ak itilize.
  6. Aktivite sou sitwèb: Nenpòt lè ou vizite sitwèb nou an, kit ou gen yon kont kit ou pa gen youn, nou resevwa ak anrejistre tou enfòmasyon tankou aktivite navigasyon w yo sou sit nou an, adrès IP w la, enfòmasyon cookie yo, ak paj w ap aksede yo. Nou itilize aktivite sou sitwèb la pou rezon sekirite, pou amelyorasyon nan kontni ak pou rezon maketing. Pou w gen plis enfòmasyon sou kisa nou kolekte sou sitwèb nou an, tanpri gade nan Règleman sou Cookie nou an.
  7. Enfòmasyon Analitik: Nou ka kolekte izaj done sou kijan ou itilize Sèvis nou tankou kijan ou itilize aplikasyon an, ki kontni ou li ak kilès ou pi pito, kontni mesaj yo nan kad Sèvis nou an, ak enfòmasyon sou aparèy. Nou itilize enfòmasyon analitik sa a pou n amelyore Sèvis la pou oumenm ak pou lòt itilizatè yo.
  8. Fichye jounal: Pou nou mentni sekirite epi pou n pwoteje ni Sèvis nou an ni done w yo, nou kolekte enfòmasyon tankou adrès IP yo, demann sou sèvè yo, aktivite koneksyon, enfòmasyon sou aparèy, rapò sou pàn, aktivite sou izaj, oswa lòt enfòmasyon pou dekouvri ak reyaji parapò ak evènman pou pwoteje pwodui nou kont menas sekirite, fwòd oswa lòt aktivite ilegal. Nou kapab tou itilize enfòmasyon sa a pou n ranfòse EULA, konfòmite, ak lòt obligasyon legal. Depi sa fezab, nou limite enfòmasyon idantifyab ak enfòmasyon sansib ki nan fichye jounal sa yo. 
  9. Enfòmasyon sipò: Si w kontakte nou pou kesyon, pwoblèm oswa demann ki konsène itilizasyon Sèvis nou an, ekip sipò nou an kapab wè Enfòmasyon Pèsonèl ou, avèk nenpòt enfòmasyon adisyonèl ou bay tou, pou nou kapab ede w. Nou ka poze kesyon swivi tou pou n rasanble plis enfòmasyon, depi sa nesesè, pou n ka adrese pwoblèm ou genyen an. Nou konsève enfòmasyon sa a kòm yon dosye pou demann ou fè pou sipò a.
  10. Enfòmasyon Opsyonèl: Nou kapab mande ak kolekte enfòmasyon tou, baze sou konsantman w lan, ki pa nesesè pou itilize Sèvis nou yo; enfòmasyon tankou opinyon sou pwodui, sondaj, analitik sou itilizasyon, ak temwayaj. Nou itilize enfòmasyon sa a pou amelyore ak vann Sèvis nou yo. Esponnsò w la kapab mande enfòmasyon sa a tou pou amelyore pwodui ak sèvis pa yo. Se dwa w pou w refize yo trete done pèsonèl ou pou rezon maketing dirèk, annik kontakte help@wellframe.com oswa itilize bouton “anile enskripsyon (unsubscribe)” an ki nan imèl la.

Pataj

Wellframe pa lwe, pa kontrakte ni li pa vann Enfòmasyon Pèsonèl ou. Wellframe pataje Enfòmasyon Pèsonèl ou pou bay Sèvis la, baze sou konsantman ou, oswa lè sa obligatwa legalman. Nou pataje Enfòmasyon Pèsonèl ou avèk Esponnsò w la konfòmeman ak akò nou genyen avèk Esponnsò w la ki pèmèt ou itilize Sèvis la. Esponnsò w la ka pataje Enfòmasyon Pèsonèl ou oswa mande nou pataje Enfòmasyon Pèsonl ou ak tyès pati tankou afilye Esponnsò w la oswa founisè sèvis yo. Kontakte Esponnsò w la pou chèche jwenn plis enfòmasyon sou fason yo itilize Enfòmasyon Pèsonèl ou.

Pou nou founi Sèvis la, nou ka pataje Enfòmasyon Pèsonèl ou tou avèk founisè ebèjman nyaj (cloud) nou an, e avèk lòt founisè endepandan pou fonksyonalite adisyonèl, pou kominike avèk ou, evalye pèfòmans, oswa pou amelyore pwodui nou. Pou n konfòme nou ak yon pwosedi legal, tèlke yon mezi otorite ranfòsman lalwa oswa yon asiyasyon konparisyon, nou ka oblije pataje Enfòmasyon Pèsonèl ou lè sa a tou. Finalman, nou ka transfere Enfòmasyon Pèsonèl ou bay yon antite oswa bay patikilye ki eseye oswa ki fè akizisyon, ki achte oswa ki fè fizyon avèk tout oswa yon pati nan Wellframe, oswa atravè kèk lòt reyòganizasyon biznis.

Enfòmasyon depèsonalize

Anplis de kategori ak itilizasyon ki endike pi wo a, nou ka retire pati idantifyab yo nan Enfòmasyon Pèsonèl ou pou n kreye enfòmasyon depèsonalize oswa enfòmasyon vwale (“Enfòmasyon Depèsonalize”). Nou kapab konbine enfòmasyon depèsonalize ak lòt enfòmasyon pou n mete yo nan ansanm done agreje. Nou itilize Enfòmasyon Depèsonalize nan fason sa yo:

  1. Divilgasyon pou Rezon Komèsyal: Nou kapab otorize, vann oswa pataje Enfòmasyon Depèsonalize avèk kliyan enstitisyonèl, asosye, envestisè ak kontraktè pou nenpòt rezon ki gen rapò ak pratik biznis nou yo.
  2. Amelyorasyon Pwodui: Nou ka itilize Enfòmasyon Depèsonalize pou amelyorasyon pwodui ki enkli Sèvis la avèk tyès pati tou pou evalye pwodui oswa sèvis yo.
  3. Rechèch: Nou ka itilize Enfòmasyon Depèsonalize pou fè rechèch, swa rechèch syantifik, rechèch maketing oswa rechèch komèsyal. Nou ka rann rechèch sa a piblik atravè piblikasyon tankou sa ki nan yon jounal syantifik.

ESTOKAJ AK KONSÈVASYON

Nou pral sovgade Enfòmasyon Pèsonèl ou nan sant founisè ebèjman nyaj (cloud) nou an ki Ozetazini. Nap kenbe Enfòmasyon Pèsonèl ou lepli lontan posib, depi li rezonabman nesesè, pou n ba w Sèvis la oubyen pou n respekte obligasyon legal yo. Pou w jwenn detay sou ki kote ak pandan konbyen tan Esponnsò w la sovgade Enfòmasyon Pèsonèl ou, tanpri kontakte Esponnsò w la. Nou ka kenbe Enfòmasyon ki Depèsonalize an pèmanans.

KONFIDANSYALITE AK SEKIRITE

Wellframe gen obligasyon legal pou l pwoteje Enfòmasyon Pèsonèl ou. Nou mete anplas kontwòl rezonab fizik, teknik ak administratif ki fèt pou sekirize kont aksè ki pa otorize, mentni sekirite done yo, epi itilize Enfòmasyon Pèsonèl ou kòrèkteman. Founisè endepandan yo pase atravè yon pwosesis kontwòl epi yo siyen akò konfidansyalite anvan menm nou itilize yo pou yo bay Sèvis la. Kèk nan mezi sekirite sa yo konte sou ou. Tanpri kenbe kritè pou koneksyon w yo sekrè, evite ale nan rezo WiFi piblik, epi dekonekte w depi ou sou aparèy ou pataje ak lòt moun. Si w ta janm sispèk gen yon pwoblèm sekirite ak kont ou, kontakte help@wellframe.com imedyatman.

TIMOUN

Sèvis nou an pa fèt pou timoun. Wellframe pa kolekte volontèman okenn Enfòmasyon Pèsonèl nan men timoun ki gen mwens pase laj 13 lane amwens yon paran oubyen responsab legal timoun nan te bay pèmisyon ni atravè fonksyon kont pou moun kap bay swen an. Si nou vin jwenn ke nou te kolekte Enfòmasyon Pèsonèl nan men yon timoun ki gen mwens pase laj 13 lane san konsantman apwopriye a, nou pral efase Enfòmasyon Pèsonèl sa a tousuit.

DWA POU ENFÒMASYON PÈSONÈL

Oumenm oswa yon ajan otorize, tankou yon paran oswa yon èd swayan, ka mande pou aksede, chanje oswa efase Enfòmasyon Pèsonèl ou epi w ka mande enfòmasyon konsènan fason nou kolekte, itilize ak divilge jande enfòmasyon sa a lè w kontakte nou nan help@wellframe.com. oswa (844) 452-4085. Nou fè tout efò posib pou nou kenbe enfòmasyon nan dosye w yo egzak ak konplè. Ou kapab ede nou kenbe egzaktitid enfòmasyon w lè w avize nou sou nenpòt chanjman nan Enfòmasyon Pèsonèl ou leplito ke posib. Nou pap diskrimine kont oumenm poutèt ou egzèse dwa w yo sepandan dwa w genyen pou aksede, chanje oswa efase Enfòmasyon Pèsonèl ou pa absoli. Gen sèten demann ki ka oblije pase pa Esponnsò w la e Esponnsò w la ka refize, modifye oswa onore demann lan limenm. Nou ka egzije pou w verifye idantite w anvan nou reponn demann ou an, ki vle di, nou ka mande w konekte w atravè aplikasyon an, nou ka ba w yon kòd verifikasyon, nou ka mande w pou reponn kesyon sekirite, oswa nou ka itilize kèk lòt mwayen. Epitou nou kapab refize demann ou an lè lalwa egzije sa oswa si demann lan gen anpil chans ke li ka revele Enfòmasyon Pèsonèl sou yon tyès pati.

PWOTEKSYON KONFIDANSYALITE VI PRIVE

Wellframe konfòme l ak Kad Pwoteksyon Konfidansyalite Vi Prive Inyon Ewopeyèn-Etazini (EU-US Privacy Shield Framework) (“Pwoteksyon Konfidansyalite Vi Prive”) ke Depatman Komès Ameriken etabli, parapò ak koleksyon, itilizasyon ak konsèvasyon Enfòmasyon Pèsonèl ki soti nan Inyon Ewopeyèn ak Wayòm Ini pou ale nan peyi Etazini baze sou Pwoteksyon Konfidansyalite Vi Prive. Wellframe sètifye devan Depatman Kòmès la ke li respekte Prensip Pwoteksyon Konfidansyalite Vi Prive yo pa rapò ak enfòmasyon sila yo. Si gen nenpòt konfli ant règleman ki nan Règleman Konfidansyalite Vi prive Wellframe nan, ak prensip Pwoteksyon Konfidansyalite Vi Prive yo, se prensip Pwoteksyon Konfidansyalite Vi Prive yo k ap aplike. Komisyon Federal sou Komès (Federal Trade Commission, “FTC”) gen jirisdiksyon sou konfòmite Wellframe parapò ak prensip Pwoteksyon Konfidansyalite Vi Prive yo. Wellframe asijeti ak pouvwa pou ankèt ak aplikasyon yo FTC a. Si gen nenpòt konfli ant règleman ki nan Règleman Konfidansyalite Vi prive Wellframe nan, ak prensip Pwoteksyon Konfidansyalite Vi Prive yo, se prensip Pwoteksyon Konfidansyalite Vi Prive yo k ap aplike. Pou jwenn plis enfòmasyon sou pwogram Pwoteksyon Konfidansyalite Vi Prive a, e pou revwa paj sètifikasyon nou an, tanpri ale nan https://www.privacyshield.gov/.

Pou itilizatè nan Inyon Ewopeyèn (EU) ak Wayòm Ini (UK), Wellframe angaje l pou l reponn rekèt ou oswa adrese plent ou konsènan Enfòmasyon Pèsonèl ou, sou trant (30) jou. Si nou pa rezoud plent ou yo parapò ak konfidansyalite vi prive w la, Wellframe angaje l piplis pou l voye yo bay JAMS EU-US Privacy Shield Program (Pwogram Pwoteksyon Konfidansyalite Vi Prive JAMS EU-US), yon founisè altènatif pou rezolisyon dispit ki sitiye nan peyi Etazini. Sèvis JAMS yo gratis pou ou e yo disponib nan https://www.jamsadr.com/eu-us-privacy-shield. Tanpri, remake ke si nou pa rezoud plent ou an atravè mwayen sa yo, kòm yon dènye rekou e selon sikonstans limite, yon opsyon pou abitraj obligatwa ka disponib devan yon panèl Pwoteksyon Konfidansyalite Vi Prive.

JENERAL

Sèvis la ka gen ladan l lyen oswa lyen pwofon ki mennen nan lòt sitwèb, ki louvri rezilta rechèch, ki gen done piblik oswa chanèl seleksyone, kote yo tout endepandan de Wellframe. Wellframe pa genyen kontwòl e li pa responsab pou kontni, pratik konfidansyalite vi prive, ni anons ki sou sitwèb tyès pati yo oubyen l pa responsab tou pou pèt oswa domaj ki rive pa rapò ak itilizasyon w de lyen sa yo oubyen relasyon w avèk operatè sitwèb sa yo andeyò Wellframe. Nou ankouraje itilizatè yo pou yo revwa deklarasyon konfidansyalite vi prive chak sitwèb tyès pati. Wellframe pa responsab pou okenn divilgasyon ou fè bay tyès pati konsènan Enfòmasyon Pèsonèl ou, ikonpri manm fanmi w oswa zanmi w. 

CHANJMAN NAN RÈGLEMAN KONFIDANSYALITE VI PRIVE SA A

Nou ka mete Règleman Konfidansyalite Vi Prive sa a ajou detanzantan depi nou afiche yon nouvo vèsyon sou entènèt la ak nan aplikasyon nou an. Se pou w gade paj sa a detanzantan pou revwa nenpòt chanjman epi gade nan seksyon paramèt aplikasyon nou an tou. Si nou fè nenpòt chanjman enpòtan ki afekte w, selon sa Wellframe detèmine, nap mete yon avi nan aplikasyon Wellframe nan pou avize itilizatè aktyèl yo. Nou ka mande w pou w bay konsantman w pou nouvo kondisyon yo; otreman depi w kontinye itilize Sèvis la, oswa depi w kontinye ba nou Enfòmasyon Pèsonèl, sa pral fèt baze sou Règleman Konfidansyalite Vi Prive ki anvigè lè sa a.  

KONTAK

Si w gen kesyon oswa sijesyon konsènan Règleman Konfidansyalite Vi Prive sa a, tanpri voye yon imèl pou Wellframe nan help@wellframe.com oswa ekri nou nan:

Wellframe, Inc. 
ATTN: Privacy Officer
470 Atlantic Ave. Floor 8 
Boston, MA 02210, USA

Copyright © 2012-2021 Wellframe Inc. Tout dwa rezève. Avi Legal