1. Entwodiksyon

Nan Wellframe (“nou”, “n”, “noumenm”, “pa nou”) nou respekte konfidansyalite vi prive w e nou pran angajman pou nou pwoteje li atravè konfòmite nou avèk règleman sa a epi konfòmeman ak lwa konfidansyalite vi prive ki aplikab Ozetazini. Règleman sa a dekri tip enfòmasyon nou ka kolekte nan men w oswa ke w ka bay lè w vizite sitwèb ak pajwèb nou yo (“Sit yo” kolektivman). Règleman sa a dekri tou kijan nou itilize enfòmasyon nou kolekte nan Sit nou yo.

Règleman sa a pa aplikab pou enfòmasyon ke aplikasyon mobil Wellframe lan kolekte. Pou enfòmasyon konsènan jan aplikasyon mobil nou an itilize enfòmasyon pèsonèl yo, tanpri gade nan Règleman Konfidansyalite Vi Prive Aplikasyon ak Akò sou Lisans Itilizatè Final (End User License Agreement, EULA) nou an.

Règleman sa a aplike pou enfòmasyon nou kolekte nan Sit nou yo. Nou gen plizyè fason ke nou kolekte enfòmasyon nan sit nou yo, tankou:

  • Nan men w lè w ba nou enfòmasyon.
  • Otomatikman atravè teknoloji reperaj.
  • Nan men tyès pati, tankou patnè biznis, piblisite oswa maketing.

Tanpri, li règleman sa a avèk anpil atansyon pou ka konprann règleman ak pratik nou yo konsènan enfòmasyon w yo ak kijan nou pral trete yo. Règleman sa a ka chanje detanzantan (gade nan Chanjman nan Règleman Konfidansyalite Vi Prive Sa a, pi ba a). Lefèt ke w kontinye itilize Sit nou yi lè nou fin fè chanjman nan règleman sa a, sa vle di ke ou dakò aksepte chanjman sa yo, kidonk nap mande w, tanpri, pou tcheke règleman an detanzantan pou ka wè mizajou yo.

Si w pa dakò ak règleman e ak pratik nou yo, chwa w genyen an se pou pa itilize Sit nou yo. LÈ OU ITILIZE SIT NOU YO, OU AKSEPTE POU RESPEKTE KONDISYON JENERAL KI ETABLI NAN RÈGLEMAN SILA A.

2. Enfòmasyon Nou Kolekte

Nou ka kolekte plizyè kalite enfòmasyon sou itilizatè e ki konsène itilizatè Sit nou yo, ikonpri:

  • Done Pèsonèl, tankou prenon ak siyati, adrès postal (annantye oswa an pati), adrès imèl pèsonèl oswa adrès imèl biznis, nimewo telefòn, anplwayè, wòl, kominikasyon ak wobo tchat Sit nou an (Site chat bot), konpòtman w lè w sou entènèt la ki montre enterè nan Wellframe, ak rekèt rechèch ou fè nan Sit nou yo.
  • Done Aparèy, tankou enfòmasyon sou koneksyon entènèt ou, aparèy ak sistèm navigasyon w itilize pou aksede Sit nou yo, ak adrès IP yo.
  • Done Entèraksyon, tankou enfòmasyon ki konsène w men ki anjeneral pa idantifye w endividyèlman, tankou cookies, pixels, makè, baliz espyon, eskrip, oswa lòt teknoloji (“Teknoloji Reperaj”) ke nou menm (oswa patnè nou yo) mete nan Sit nou yo oswa ke patnè nou yo mete nan sitwèb tyès pati yo.
  • Done Anplwa, tankou enfòmasyon ou ba nou antanke aplikan pou travay, tankou istorik travay ou, enfòmasyon sou edikasyon w, rezime, CV, lèt entwodiksyon, referans pwofesyonèl, oswa kont medya sosyal pwofesyonèl tankou Linkedin.

3. Fason Ak Rezon Ki Fè Nou Kolekte Enfòmasyon W Yo

  • Nan men w lè w ba nou li oswa atravè kominikasyon ki fèt nan Sit nou yo.
  • Otomatikman atravè aktivite ou fè nan Sit nou yo.
  • Atavè tyès pati yo, paregzanp, patnè biznis nou yo, founisè sèvis nou yo, oswa patnè maketing nou yo.

Koleksyon Enfòmasyon Wellframe

“Kijan”“Kisa”
From you when you provide info to usPersonal Data, Employment Data
Automatically through Tracking TechnologiesDevice Data, Interaction Data
From third partiesPersonal Data, Device Data, Interaction Data, Employment Data

https://support.google.com/adwordspolicy/answer/143465 Nou itilize enfòmasyon ke nou kolekte sou ou oswa ke w ba nou, ikonpri enfòmasyon ki pèmèt nou:Prezante w Sit nou yo ak sa ki ladann yo.

  • Ba ou enfòmasyon, pwodui, oswa sèvis ke w reklame nan men nou.
  • Satisfè nenpòt lòt rezon ki fè w te bay li.
  • Pou nou egzekite obligasyon kontraktyèl nou yo ak obligasyon legal nou yo.
  • Avize w sou chanjman ki fèt nan Sit nou yo.
  • Pèmèt ou patisipe nan fonksyon entèraktif ki sou Sit nou yo.
  • Satisfè nenpòt lòt rezon avèk konsantman w.

Nou ka itilize enfòmasyon w pou n kontakte w konsènan pwòp solisyon nou yo ki ta ka enterese w. Nou ka itilize enfòmasyon nou kolekte nan men w ki pou pèmèt nou prezante piblisite bay odyans ke piblisitè nou yo sible. Si w klike oswa si w entèraji avèk yon piblisite, piblisitè a ka sipoze ke w satisfè kritè l yo pou odyans lap sible a.

Gade pi ba a pou ka wè detay asavwa kijan nou kolekte enfòmasyon sa a.

3.1 Nan Men W Lè W Ba Nou Enfòmasyon

Nou ka kolekte Done Pèsonèl oswa Done Anplwa nan men w. Enfòmasyon nou kolekte nan men w lè w ba nou li sou Sit nou yo oswa atravè Sit nou yo ka gen ladann:

  • Enfòmasyon w bay lè w ranpli yon fòmilè nan Sit nou an tankou fòmilè pou Kontakte Nou (Contact Us) oswa fòmilè pou Reklame yon Demonstrasyon (Request a Demo). Fòmilè sa yo ka kolekte enfòmasyon pèsonèl ikonpri prenon w ak siyati w, imèl ou, konpayi w, tit pozisyon w nan travay la, ak nimewo telefòn ou. Nou ka byen itilize enfòmasyon sa a pou satisfè rezon ki fè w te bay li a.
  • Enfòmasyon w bay etan wap kominike ak wobo tchat nan Sit nou an. Nou ka itilize enfòmasyon sa a pou nou kominike avèk ou e pou n reponn nenpòt kesyon ou ka genyen sou Wellframe oswa sou solisyon nou yo.
  • Enfòmasyon ou soumèt lè w aplike pou yon travay avèk nou. Nou ka itilize enfòmasyon sa a pou n evalye w antanke aplikan.
  • Achiv ak kopi korespondans ou (ikonpri adrès imèl yo), si w kontakte nou. Nou ka itilize enfòmasyon sa a pou n reponn ou.
  • Rekèt rechèch ou fè nan Sit la. Nou ka itilize enfòmasyon sa a pou n konprann kisa wap chèche nan Sit nou yo e kijan nou ka ba w pi bon sèvis.

3.2 Otomatikman Atravè Teknoloji Reperaj yo

Nou itilize Teknoloji Reperaj ikonpri pou n amelyore pèfòmans Sit nou yo epi pou n kreye yon pi bon eksperyans pou ou. Ou ka konsève Teknoloji Reperaj yo epi ou ka aksede yo apatide aparèy ou a lè w ale sou Sit nou yo. Teknoloji Reperaj yo ka kolekte Done Aparèy oswa Done Entèraksyon.

“Cookies” se fichye ki gen ti tèks piti ke nou ka byen mete nan navigatè aparèy ou a pou nou konsève enfòmasyon ki nesesè pou nou maksimize eksperyans ou, pwoteje sekirite Sit la, epi pou n konpran entèraksyon w avèk Sit nou yo. Lè w vizite Sit nou yo, sèvè wèb konsène a kapab rekipere fichye sa a pi devan, pou siveye aktivite navigatè w la e pou konekte demann sou sèvè wèb yo ak sesyon yo. Cookies yo itil pou rezon sekirite e pou senplifye eksperyans ou antanke itilizatè kidonk li pèmèt ou seleksyone opsyon tankou “sonje mwen” nan ekran pou angaje sesyon yo, lè li disponib. Cookies yo kapab tanporè ak limite pou sesyon an oswa yo kapab pèsistan ak egziste apre sesyon an fini.

“Baliz espyon yo” se ti imaj grafik klè ke yo itilize pou swiv vizit sou sitwèb yo oswa pou gade imèl. Pa egzanp, baliz espyon yo kapab sèvi pou kenbe yon dekont sou kantite itilizatè ki vizite yon paj wèb oswa pou livre yon cookie bay navigatè yon vizitè k ap gade paj sa a. Lòt ekspresyon yo itilize pou baliz espyon se gif envizib ak piksèl tag.

Nou deplwaye Teknoloji Reperaj sou Sit nou yo pou rezon suivan yo, gen kèk nan yo ke w ka byen modifye nan banyè cookie ki sou anba nan Sit nou yo:

Lè Sa Estrikteman Nesesè — Nou itilize Teknoloji Reperaj entèn ak pa tyès pati yo pou jere konsantman ak konfòmite pou cookie, pou optimize tan chajman paj yo, livre karaktè operasyonèl Sit la, fonksyonalite tèks, ak sekirite Sit la. Teknoloji Swivi sa yo esansyèl pou Sit nou an ka fonksyone e yo pa ka dezaktive yo. Si w chwazi pou dezaktive teknoloji sa a, kèk oswa tout nan fonksyonalite Sit la pap mache. Kèk nan teknoloji sa yo pèsistan e kèk nan yo baze sou sesyon yo.

Fonksyonalite Sit la — Nou itilize Teknoloji Reperaj entèn ak pa tyès pati yo apre pou nou jere kontni videyo, preferans lang nan tout paj yo, zouti sipò pou kliyan, otantifikasyon, pou nou idantifye enfòmasyon sesyon, avèk tou pou nou ede mezire ak amelyore itilite Sit nou an Teknoloji Swivi sa yo amelyore fonksyonalite ak pèsonalizasyon Sit nou an epi yo konsève enfòmasyon yo tankou tip navigatè, tip aparèy ak sistèm eksplwatasyon. Si w chwazi pou dezaktive teknoloji sa yo, gen kèk fonksyonalite oswa tout fonksyonalite ki nan Sit la ki pap fonksyone. Gen kèk nan teknoloji sa yo ki pèsistan epi gen kèk ki baze sou sesyon.

Pèfòmans Sit la — Nou itilize Teknoloji Reperaj entèn ak pa tyès pati yo pou nou maksimize livrezon sèvis ak kontni, pou limite koleksyon done, epi pou idantifye efikasite kanpay. Si w dezaktive teknoloji sa yo, nou pap ka wè kijan Sit nou an ap fonksyone pou ou. Epitou nou pap kapab wè lè w ale sou Sit nou an. Teknoloji Swivi sa yo rasanble enfòmasyon global tankou si vizitè yo se nouvo itilizatè oswa itilizatè ki deja enskri, kantite tan yo pase sou Sit nou an, ak paj ak kontni yo vizite yo. Kèk nan teknoloji sa yo pèsistan e kèk nan yo baze sou sesyon yo.

Siblaj — Nou itilize Teknoloji Reperaj entèn ak pa tyès pati pou ede nou konprann ki kontni ki koresponn pi byen ak sitiyasyon pa w la. Nou itilize sistèm deteksyon Google Analytics, Google AdWords Conversion, lòt sèvis Google, ak Mouseflow. Teknoloji Swivi sa yo nou ka sèvi ak yo e patnè piblisitè nou yo ka sèvi ak yo tou pou livre kontni ki apwopriye pou ou. Nou ka itilize teknoloji sa yo pou konsève enfòmasyon pèsonèl idantifyab sou ou tankou lokalizasyon, aktivite souri, ak katografi tèmik. Si w chwazi pou dezaktive Teknoloji Swivi sa yo, ou pral gen mwens maketing ki apwopriye. Kèk nan teknoloji sa yo pèsistan e kèk nan yo baze sou sesyon yo. Nou respekte prensip rekomèsyalizasyon Google yo ansanm ak entèdiksyon pou piblisite pèsonalize.

Enfòmasyon nou kolekte otomatikman ki soti nan Teknoloji Reperaj yo ka gen enfòmasyon pèsonèl ladan yo oswa nou ka kenbe yo oswa nou ka asosye yo ak enfòmasyon pèsonèl nou kolekte nan lòt fason oswa ke nou resevwa nan men tyès pati yo. Sa ede nou amelyore Sit nou yo ak livre yon pi bon eksperyans ki pi pèsonalize, ikonpri lè li pèmèt nou estime gwosè odyans nou an ak tandans izaj yo, konsève enfòmasyon sou preferans ou yo, pèsonalize Sit nou yo selon enterè endividyèl ou yo, epi pou l rekonèt ou lè w retounen nan Sit nou yo.Nan Men Tyès Pati yo

3.3 Nan Men Tyès Pati yo

Nou ka kolekte Done Pèsonèl, Done Aparèy, Done Entèraksyon, oswa Done Anplwa nan men tyès pati yo. Nou ka kolekte enfòmasyon sa a pou:

  • Ba w enfòmasyon ak kontni ki baze sou enterè w, oswa pou nou kontakte w konsènan solisyon nou yo.
  • Konprann kijan w entèraji ak kontni ebèje nou an ke patnè piblisitè nou yo ebèje.
  • Rekrite w pou yon wòl nan konpayi nou an.

Gen sèten kontni ki nan Sit nou yo e ki lòt kote sou entènèt la ke se tyès pati ki desèvi yo pou nou, ikonpri piblistè, rezo piblisitè ak sèvè, rezo sosyal pwofesyonèl, founisè kontni ak founisè aplikasyon. Tyès pati sa yo ka itilize Teknoloji Reperaj pou kolekte enfòmasyon sou ou lè w itilize Sit nou yo oswa sitwèb pa yo. Enfòmasyon yo kolekte yo ka asosye ak enfòmasyon pèsonèl ou oswa yo ka kolekte enfòmasyon, ikonpri enfòmasyon pèsonèl, sou aktivite w fè sou entènèt sou yon peryòd tan e atravè sitwèb diferan ak lòt sèvis sou entènèt. Yo ka itilize enfòmasyon sa a pou ba ou piblisite ki baze sou enterè (konpòtmantal) oswa sou lòt kontni sible.

Nou pa kontwole teknoloji reperaj tyès pati sa yo ni fason yo ka itilize yo, eksepte lè tyès pati sa yo deplwaye Teknoloji Reperaj sa yo nan non nou. Si w gen nenpòt kesyon sou yon piblisite oswa sou lòt kontni sible, ou dwe kontakte founisè ki responsab la dirèkteman. Si w bezwen enfòmasyon sou kijan w ka anile patisipasyon w pou resevwa piblisite sible plizyè founisè voye, al gade nan Chwa Sou Kijan Nou Kolekte ak Devwale Enfòmasyon Ou.

3.4 Divilgasyon Enfòmasyon Ou

Nou ka devwale san restriksyon enfòmasyon kimilatif ak enfòmasyon ki pa idantifye okenn endividi. Nou ka devwale enfòmasyon pèsonèl ke nou kolekte oswa ke w bay jan yo dekri li nan règleman sa a:

  • Pou kontraktè, founisè sèvis, founisè analitik done, rezo piblisite, ak lòt tyès pati ke nou itilize pou n sipòte biznis nou ak Sit nou yo.
  • Pou yon achtè oswa lòt siksesè sizoka ta gen yon fizyon, yon dezenvestisman, yon reyòganizasyon, yon disolisyon, oswa lòt vant oswa transfè kèk oswa tout byen ki pou Wellframe, kit se antanke yon enkyetid aktyèl oswa kit se antanke yon pati bankwout, likidasyon, oswa pwosedi similè, kote enfòmasyon pèsonèl ke Wellframe kenbe sou itilizatè Sit nou yo figire nan byen ki transfere yo.
  • Pou tyès pati yo demache pwodui nou yo oswa pou ba w sèvis.
  • Pou patnè biznis tyès pati defason pou yo demache pwodui oswa sèvis yo pou ou si w pat chwazi sispann divilgasyon sa yo. Pou ka gen plis enfòmasyon, al gade nan Chwa Sou Kijan Nou Kolekte ak Devwale Enfòmasyon Ou.
  • Pou satisfè rezon ki fè w bay li a. Paregzanp, si w ba nou yon adrès imèl pou w itilize fonksyon Kontakte Nou oswa Piga Vann Enfòmasyon Pèsonèl Mwen nan Sit nou yo, nou pral transmèt kontni ki gen nan mesaj sa a ak adrès imèl ou.
  • Pou nenpòt lòt rezon nou te devwale lè w bay enfòmasyon an.
  • Avèk konsantman w.

Nou ka devwale enfòmasyon pèsonèl ou tou:

  • Pou nou konfòme nou avèk nenpòt lòd tribinal, rekèt lalwa, oswa pwosedi legal, ikonpri pou nou reponn a nenpòt rekèt gouvènman oswa rekèt règlemantè.
  • Si nou kwè li nesesè oswa li apwopriye pou nou devwale enfòmasyon an pou nou pwoteje dwa, pwopriyete, oswa sekirite Wellframe, kliyan nou yo, oswa zòt.

4. Chwa Sou Kijan Nou Kolekte Ak Devwale Enfòmasyon Ou

Nou bat pou nou ba w chwa konsènan enfòmasyon pèsonèl ou ba nou yo. Nou kreye kèk mekanis pou nou ba ou kontwòl sou enfòmasyon w, jan yo detaye li pi ba a.

4.1 Jesyon Teknoloji Reperaj yo

Lè w vizite Sit nou an pou premye fwa, yo pral prezante w yon banyè cookie. Ou ka seleksyone preferans Teknoloji Reperaj ou yo lè w klike sou bouton “jere paramèt cookie mwen yo (manage my cookie settings)” sou banyè a. Ou ka seleksyone preferans ou yo nan kategori Fonksyonèl, Pèfòmans ak Siblaj yo. Peze sou bouton “Konfime Chwa Mwen yo (Confirm My Choices)” pou sovgade preferans sa yo. Ou kapab anile patisipasyon w pou difizyon anons lan sou paj Google la pou anilasyon patisipasyon. Si ou gen enkyetid konsènan difizyon cookies tyès pati ke lòt rezo yo fè, ou ka ale nan paj anilasyon patisipasyon nan Inisyativ Piblisite Rezo (Network Advertising Initiative) la pou jwenn plis enfòmasyon. Si w vle anile patisipasyon w nan zouti analitik Mouseflow a ou ka fè sa la a. Lòt Teknoloji Swivi menm jan ak sa ki pou sekirite ak fonksyonalite, nesesè pou moun itilize Sit nou yo e ou fèt pou sispann itilize Sit yo si w pa vle pou Teknoloji Swivi sa yo sou aparèy ou.

Pou retire cookies ke yo te deja konsève, ou kapab itilize paramèt nan navigatè w la pou elimine cookies yo nan navigatè w la. Gade resous kiliste pi ba a pou lyen itil yo.

4.2 Pa Swiv ak Retrasaj Ant Diferan Sit

Sit nou yo pa konfigire pou reponn siyalizasyon Pa Swiv yo si w te aktive reglaj sa a nan navigatè w la. Pou jwenn plis enfòmasyon sou siyalizasyon Pa Swiv yo, gade nan tout sa ki anrapò ak opsyon pa swiv la. Gade nan seksyon Resous ki anba a pou ka jwenn lòt fason ki ka pèmèt ou jere preferans konfidansyalite vi prive w apatide navigatè wèb ou a.

Nou travay ansanm ak yon konpayi ki rele Bidtellect pou n konprann konpòtman vizitè yo atravè diferan sit ki te montre yo te enterese nan Wellframe lè yo te vizite Sit nou yo. Si w enterese anile patisipasyon w nan Teknoloji Retrasaj resible Bidtellect, ou ka anile patisipasyon w la a Tanpri ale nan règleman konfidansyalite vi prive platfòm ak règleman cookie pou ka jwenn plis enfòmasyon sou Teknoloji Retrasaj yo.

4.3 Resous yo

Pi ba a wap jwenn kèk lyen pou resous ekstèn ou ka twouve ki itil sou fason diferan navigatè yo jere Teknoloji Swivi yo. Resous sa yo konplètman endepandan de Wellframe lèfini Wellframe pa bay okenn garanti ni asirans konsènan enfòmasyon ki ladan yo. Si navigatè w la pa sou lis ki pi ba a, ou dwe al gade nan dokimantasyon ke founisè navigatè w la mete aladispozisyon w.

5. Dwa Ccpa Pou Rezidan California Yo

Si w se yon rezidan California, selon Lwa Konfidansyalite Vi Prive Konsomatè California (California Consumer Privacy Act, “CCPA”), ou gen dwa suivan yo:

  1. DWA POU YO PA DISKRIMINE poutèt wap egzèse dwa CCPA w yo;
  2. DWA POU KONNEN konsènan enfòmasyon pèsonèl yon biznis kolekte sou ou ak kijan li itilize li ak kijan li pataje l;
  3. DWA POU EFASE enfòmasyon pèsonèl nou kolekte nan men w (avèk kèk eksepsyon); ak
  4. DWA POU ANILE PATISIPASYON W NAN LAVANT enfòmasyon pèsonèl ou.

5.1 Dwa Pou Pa Gen Diskriminasyon

Nou byen konnen ke konfidansyalite vi prive enpòtan e nou pap diskrimine kont ou poutèt ou egzèse nenpòt nan dwa CCPA w yo.

5.2 Dwa pou Konnen ak Dwa pou Efase

Si w vle egzèse dwa w pou konnen ak efase, ou ka kontakte nou nan info@wellframe.com oswa w ka ekri nou nan adrès ki nan seksyon Kontakte Nou an. Nou bat pou nou reponn ak demann sou dwa pou konnen ak dwa pou efase sou karann-senk (45) jou kalandriye apre nou resevwa rekèt ou a. Nan sèten sikonstans, nou ka pran plis ke karann-senk (45) jou kalandriye pou n satisfè rekèt ou a. Nou ka pwolonje peryòd tan nou pran pou n satisfè rekèt ou a yon fwa avèk yon peryòd adisyonèl karann-senk (45) jou lè li rezonableman nesesè, kidonk nou ka pran ototal katreven-dis (90) jou kalandriye maksimòm apatide dat ke nou resevwa demann inisyal ou pou n satisfè demann lan. Si nou bezwen egzèse pwolongasyon sa a, nap ba ou yon avi pwolongasyon sou peryòd 45 premye jou a. Tanpri, note ke nan sèten ka, sa ka rive ke nou pa kapab satisfè rekèt ou a. Paregzanp se ka pou rezon tankou nou pa gen enfòmasyon sou ou, nou pa ka verifye demann ou an, oswa paske nou oblije kenbe enfòmasyon w pou n satisfè egzijans legal.

  • Si ou se yon rezidan California, ou ka egzèse dwa w pou konnen an lè w ranpli fòmilè ki pi ba a. Nou fasilite dwa pou konnen ane pou nou kapab konfòme nou ak CCPA (Lwa California sou Vi Prive Konsomatè). Nou bat pou nou reponn demann ou fè a sou karannsenk (45) jou kalandriye apatide lè nou resevwa demann lan, men nan sèten sikonstans CCPA a prevwa yon karannsenk (45) jou kalandriye anplis pou konplete demann ou an. Tanpri souple, note ke fòmilè sa a se pou Sit nou yo yo ye e se pa pou aplikasyon mobil nou yo. Si w itilize yon aplikasyon mobil, tanpri ale gade nan Règleman Konfidansyalite Vi Prive Aplikasyon.

    Lè w mete enfòmasyon w, ou konsanti pou nou kontakte w pou n satisfè demann ou a an.

  • Si ou se yon rezidan California, ou ka egzèse dwa w pou konnen an lè w ranpli fòmilè ki pi ba a. Nou fasilite dwa pou konnen ane pou nou kapab konfòme nou ak CCPA (Lwa California sou Vi Prive Konsomatè). Nou bat pou nou reponn demann ou fè a sou karannsenk (45) jou kalandriye apatide lè nou resevwa demann lan, men nan sèten sikonstans CCPA a prevwa yon karannsenk (45) jou kalandriye anplis pou konplete demann ou an. Tanpri souple, note ke fòmilè sa a se pou Sit nou yo yo ye e se pa pou aplikasyon mobil nou yo. Si w itilize yon aplikasyon mobil, tanpri ale gade nan Règleman Konfidansyalite Vi Prive Aplikasyon.

    Lè w mete enfòmasyon w, ou konsanti pou nou kontakte w pou n satisfè demann ou a an.

5.3 Dwa Pou Anile Patisipasyon W Nan Lavant

Pou rezidan California yo, nou ka pataje enfòmasyon w avèk patnè biznis nou yo, e yo kapab kalifye sa antanke yon lavant” selon lalwa California. Yon lavant enfòmasyon konfòmeman ak CCPA pi laj pase jan w ta ka konprann tèm komen an. Konfòmeman ak CCPA, “lavant” la enkli echanj tradisyonèl lajan an men li enkli tou nenpòt kalite benefis nou ka resevwa ann echanj pou enfòmasyon pèsonèl ou. Sa vle di yon lavant CCPA ka enkli enstans kote nou ko-òganize yon konferans sou wèb la ak yon patnè biznis e nou ka pataje lis patisipan ant antite kap òganize l yo. Pakonsekan, nou bay dwa anile patisipasyon an pou n konfòme nou avèk CCPA a e ak definisyon li bay sou “lavant” enfòmasyon pèsonèl. Pou ka jwenn plis enfòmasyon, gade nan seksyon ki gen tit “Chwa Sou Kijan Nou Kolekte ak Devwale Enfòmasyon Ou” ak “Piga Vann Enfòmasyon Pèsonèl Mwen.”

Nou ka bezwen enfòmasyon anplis sou ou defason pou n veirfye rekèt ou a sifizaman. Verifikasyon an ka egzije non legal ou, adrès imèl ou, kòd postal ou, konpayi an, oswa nimewo telefòn lan, toudepann de rekèt la. Si se yon tyès pati kap fè rekèt la pou ou, nou pral egzije yo bay prèv ke tyès pati a gen otorizasyon pou l aji anfavè w. Lè w pataje enfòmasyon sa a avèk nou, ou konsanti pou nou kontakte w pou n satisfè rekèt ou a.

Avi Lavant CCPA – Nan 12 mwa anvan yo, nou ka te vann kategori enfòmasyon suivan yo, jan yo defini “lavant” nan CCPA, bay tyès pati patnè biznis nou yo:

  • Idantifyan yo
  • Enfòmasyon kontak
  • Enfòmasyon sou aktivite entènèt oswa sou lòt aktivite rezo elektwonik
  • Enfòmasyon pwofesyonèl oswa ki gen rapò ak anplwa
  • Pou egzèse dwa pou anile patisipasyon w nan lavant, tanpri klike sou [bouton/lyen] anba a. Nou bay dwa anile patisipasyon an pou n konfòme nou avèk CCPA a e ak definisyon laj li bay sou “lavant” enfòmasyon pèsonèl. Nou bat pou nou reponn a rekèt anilasyon patisipasyon w sou kenz (15) jou kalandriye apre nou resevwa li. Si nou te “vann” enfòmasyon w jan CCPA defini li, bay tyès pati ant lè nou te resevwa rekèt anilasyon patisipasyon w ak lè nou reponn a rekèt ou a, nou pral avize tyès pati ki konsène a ke w te egzèse dwa pou anile patisipasyon w epi nou pral mande tyès pati sa yo pou yo pa kontinye vann enfòmasyon ou. Si w te chwazi pou anile patisipasyon w pou yo pa vann enfòmasyon pèsonèl ou, ou gen dwa pou yo pa kontakte w konsènan patisipasyon w ankò nan lavant enfòmasyon pèsonèl ou pandan douz (12) pwochen mwa yo. Tanpri souple, note ke fòmilè sa a se pou Sit nou yo yo ye e se pa pou aplikasyon mobil nou yo. Si w itilize yon aplikasyon mobil, tanpri ale gade nan Règleman Konfidansyalite Vi Prive Aplikasyon.

    *enfòmasyon egzijib

    Lè w mete enfòmasyon w, ou konsanti pou nou kontakte w pou n satisfè rekèt ou pou anile patisipasyon w. Tanpri, note ke lè w chwazi anile patisipasyon w, sa pap gen okenn konsekans sou Wellframe ki ka kontakte w konsènan solisyon w yo.

6. Enfòmasyon Jeneral

6.1 Sekirite

Nou mete anplas kèk mezi ki la pou sekirize enfòmasyon pèsonèl ou pou pa gen okenn pèt pa aksidan e pou okenn moun ki pa otorize gen aksè, itilize, modifye ak devwale enfòmasyon an.

Pwoteksyon ak sekirite enfòmasyon w depann de ou tou. Malerezman, transmisyon enfòmasyon atravè entènèt pa konplètman sekirize. Byenke nou fè tout sa nou kapab pou n pwoteje enfòmasyon pèsonèl ou, nou pa ka garanti sekirite enfòmasyon pèsonèl ou ki transmèt nan Sit nou yo. Nenpòt enfòmasyon pèsonèl ou transmèt, se yon risk pèsonèl ou pran. Nou pa responsab sizoka ta gen nenpòt kontounman nan reglaj konfidansyalite vi prive a oswa nan mezi sekirite ki gen nan Sit yo.

6.2 Timoun Ki Poko Gen Laj 16 Zan

Sit nou yo pat fèt pou timoun ki poko gen laj 16 zan. Okenn moun ki poko gen laj16 zan pa ka bay okenn enfòmasyon sou Sit nou yo. Nou pa an tout konsyans kolekte ni vann enfòmasyon pèsonèl sou timoun ki poko gen laj 16 zan. Si w poko gen laj 16 zan, piga itilize ni bay okenn enfòmasyon nan Sit sa a. Si nou vin aprann ke nou kolekte oswa resevwa enfòmasyon pèsonèl sou yon timoun ki poko gen laj 16 zan, nou pral efase enfòmasyon sa a. Si w panse ke nou te resevwa enfòmasyon atravè Sit nou yo sou yon timoun ki poko gen laj 16 zan, tanpri kontakte nou nan info@wellframe.com.

6.3 Chanjman nan Règleman Konfidansyalite Vi Prive Sa a

Wellframe ka mete Règleman sa a ajou detanzantan lè li afiche yon nouvo vèsyon sou Sit li yo. Nou ankouraje w pou tcheke paj sa a regilyèman pou jwenn dènye enfòmasyon sou pratik konfidansyalite vi prive nou yo.

7. Kontakte Nou

Si w gen kesyon, enkyetid oswa sijesyon, tanpri voye yon imèl pou Wellframe nan info@wellframe.com. Epitou w ka ekri nou nan:

Attn: Privacy Officer Wellframe Inc.
470 Atlantic Avenue, Floor 8
Boston, MA 02210