Apèsi Jeneral

Byenvini nan Wellframe! Wellframe se yon aplikasyon mobil ki kapab ede w aprann enfòmasyon sou sante w, swiv eta sante w, epi kominike fasilman atravè mesaj avèk yon pwofesyonèl swen yo oswa manm pèsonèl la. Tanpri revwa Règleman Konfidansyalite Vi Prive nou yo ak atansyon Si wap gade l sou aplikasyon mobil ou a, tape sou “Aksepte” pou w konfime ke ou konprann fason Wellframe kapab trete enfòmasyon pèsonèl ou. Etan wap itilize aplikasyon an, nou kapab poze w kesyon adisyonèl pou asire nou gen konsantman w pou rasanble ak itilize enfòmasyon pèsonèl ou pou rezon byen presi. Pou fasilite w, nou rezime kèk pwen enpòtan pi ba a, men kanmèm ou dwe revize tout Règleman sou Konfidansyalite Vi Prive a, an detay.

Wellframe ka trete enfòmasyon pèsonèl ou pou rezon ki annapre yo:

  • Pou li ba w aksè nan sèvis la atravè aplikasyon mobil sa a ikonpri atravè founisè sèvis yo, kòm paregzanp founisè ebèjeman cloud nou an, ki yo menm gen kontra ki oblije yo pwoteje enfòmasyon pèsonèl ou;
  • Jan esponnsò w la rekòmande l (paregzanp: konpayi asirans sante w oswa pwofesyonèl swen sante w) dapre kontra akò patnè biznis nou an ke HIPAA administre;
  • Pou ebèje enfòmasyon pèsonèl ou nan sant done yo atravè Etazini Damerik;
  • Pou depèsonalize enfòmasyon pèsonèl ou (pou li pa idantifye w ankò) epi pou itilize enfòmasyon ki rete a defason agreje oubyen ki pa agreje pou amelyorasyon pwodui, maketing, rechèch, e pou bay kliyan nou yo sèvis; epi
  • Pou reponn ak obligasyon legal nou yo.

Si ou pa dakò pou nou trete enfòmasyon pèsonèl ou pou rezon sa yo, oswa si ou pa dakò ak nenpòt lòt kondisyon nan Règleman sou Konfidansyalite Vi Prive ki pi ba a, tanpri piga itilize aplikasyon mobil nou an.

Koleksyon Ak Itilizasyon Enfòmasyon

Objektif Règleman sou Konfidansyalite Vi Prive sila a se pou enfòme itilizatè yo sou kijan Wellframe, Inc. (“Wellframe,” “nou,” “pa nou”, oswa “noumenm/n”) kolekte ak itilize enfòmasyon w atravè aplikasyon nou yo ak sèvis konèks yo (kolektivman, “Sèvis” la). “Enfòmasyon Pèsonèl” se enfòmasyon ki idantifye w, tankou enfòmasyon sante, jan sa kategorize pi ba a. Gen kèk enfòmasyon ki ka tonbe nan plizyè kategori. Lè w tape sou “Aksepte” nan fen Règleman sou Konfidansyalite Vi Prive sa a, ou konsanti pou Wellframe kolekte epi itilize enfòmasyon w yo jan sa dekri pi ba a. Ka se te yon esponnsò endepandan ki te envite w itilize Sèvis la, tankou pwofesyonèl swen sante w, konpayi asirans sante w, anplwayè w, responsab swen w lan, oswa nan kad yon etid klinik (“Esponnsò” w) . Se chwa w si wi oswa non ou vle bannou enfòmasyon sa a men si ou refize, ou pa kapab itilize yon pati oswa tout Sèvis nou an paske kèk enfòmasyon nesesè. Ou kapab chanje kèk nan paramèt konfidansyalite vi prive yo nenpòt lè, depi w ale nan paramèt aplikasyon mobil la.

Ki enfòmasyon Wellframe kolekte

  1. Enfòmasyon ou bay: Nou ka mande ak kolekte enfòmasyon tankou non w, adrès imèl ou, nimewo telefòn ou, adrès ou, dat nesans ou, ak sèks ou pou anrejistre kont ou ansanm ak lòt enfòmasyon nan kategori ki anba yo. Nou itilize enfòmasyon sa a pou n jere kont ou, verifye idantite w, epi ba w Sèvis.
  2. Enfòmasyon nou resevwa nan men tyès pati: Nou ka resevwa enfòmasyon sou ou, ikonpri sa ki liste nan lòt kategori yo, nan men Esponnsò w la oswa nan men lòt tyès pati jan Esponnsò w la mande l. Enfòmasyon sa a ka gen ladan l enfòmasyon demografik, istorik medikal, enfòmasyon sou asirans sante, oswa lòt enfòmasyon ke Esponnsò w la mande nou pou n trete. Nou itilize enfòmasyon sa a pou n ranpli obligasyon kontraktyèl nou genyen vizavi Esponnsò w la, jan Esponnsò w la mande l, e pou n ba w Sèvis la. Se Esponnsò w la ki kontwole koleksyon, tretman ak pataj enfòmasyon sa a.
  3. Enfòmasyon sou Sante: Kòm nou se yon aplikasyon ki gen rapò ak lasante, nou kolekte enfòmasyon sou sante w. Nan kategori sa a, ka genyen, dyagnostik, sentòm, pwosedi medikal, medikaman, dat egzeyat, nòt klinik, karakteristik fizik, enfòmasyon sou pwofesyonèl swen sante, ak lòt enfòmasyon byometrik. Nou itilize enfòmasyon sa a pou n ba w Sèvis, tankou itilize enfòmasyon sou medikaman pou bay notifikasyon sou medikaman yo.
  4. Kominikasyon: Nou kolekte enfòmasyon ki nan kominikasyon ki fèt atravè Sèvis nou an ant Esponnsò w la avèk ou. Nan kontni sa a ka genyen enfòmasyon ki nan lòt kategori yo avèk nenpòt lòt enfòmasyon ke ou deside pou kominike. Nou itilize kontni sa a pou n ba w yon dosye sou kominikasyon w yo epitou pou n itilize l nan fòm depèsonalizasyon jan nou endike pi ba a.
  5. Entegrasyon done: Nou ka itilize metòd otomatize pou n swiv done ki soti nan lòt aplikasyon w yo, nan akseswa ou mete sou ou pou kondisyònman fizik, aparèy kontwòl byometrik, ak lòt entegrasyon ke ou otorize pou kominike ak Sèvis nou an. Alèkile done entegrasyon sa a vin entegre nan aplikasyon nou an pou ni oumenm ni Esponnsò w la wè ak itilize. Yo ka mande w pou bay aksè nan fonksyonalite kamera aparèy ou a, nou itilize aksè sa a pou eskane fonksyon rekonesans karaktè optik (OCR) yo, epi pou pèmèt ou mete pyès jwent nan kominikasyon yo. Otreman nou pa kolekte imaj oswa anrejistreman w genyen nan aparèy ou a. Si wap itilize vèsyon Android aplikasyon nou an, yap mande w pou otorize aksè nan done lokalizasyon yo pou koneksyon Bluetooth la, sepandan, nou pa kolekte done sou lokalizasyon w yo.
  6. Enfòmasyon ki pa gen rapò ak aplikasyon an: Epitou Wellframe ka kolekte enfòmasyon pèsonèl andeyò Sèvis la kòm paregzanp atravè sitwèb nou yo. Enfòmasyon sa a ka genyen ladan l aktivite navigasyon w fè nan sit nou an, adrès IP ou, enfòmasyon cookie, ak paj ou reklame yo. Nou itilize enfòmasyon sa a pou izaj sa yo ikonpri sekirite, amelyorasyon kontni yo, lavant ak maketing. Si w bezwen plis detay sou sa ak detay sou lòt izaj yo andeyò aplikasyon nou an (kòm paregzanp atravè sitwèb nou an) tanpri ale nan lyen sa a.
  7. Enfòmasyon Analitik: Nou ka kolekte done sou izaj ki montre kijan ou itilize Sèvis nou tankou kijan ou itilize aplikasyon an, ki kontni ou li ak kilès ou pi pito, kontni mesaj yo nan kad Sèvis nou an, done entegrasyon, ak enfòmasyon sou aparèy. Nou itilize enfòmasyon analitik sa a pou n amelyore Sèvis la pou oumenm, Esponnsò w la, ak lòt itilizatè yo.
  8. Fichye jounal: Pou nou mentni sekirite, satisfè egzijans konfòmite, epi anjeneral pou nasire Sèvis la fonksyone kòrèkteman, nou kolekte enfòmasyon tankou adrès IP yo, demann sou sèvè yo, aktivite koneksyon, enfòmasyon sou aparèy, rapò sou pàn, aktivite sou izaj, oswa lòt enfòmasyon pou dekouvri ak reyaji parapò ak evènman ki endike enteripsyon posib nan sèvis la, menas sekirite, fwòd oswa lòt aktivite ilegal. Nou kapab tou itilize enfòmasyon sa a pou n ranfòse EULA nou an, pou konfòmite, ak lòt obligasyon legal. Depi sa fezab, nou limite enfòmasyon idantifyab ak enfòmasyon sansib ki nan fichye jounal sa yo.
  9. Enfòmasyon sipò: Si w kontakte nou pou kesyon, pwoblèm oswa demann ki konsène itilizasyon Sèvis nou an, ekip sipò nou an kapab wè Enfòmasyon Pèsonèl ou, avèk nenpòt enfòmasyon adisyonèl ou bay tou, pou nou kapab ede w. Nou ka poze kesyon swivi tou pou n rasanble plis enfòmasyon, depi sa nesesè, pou n ka adrese pwoblèm ou genyen an. Nou konsève enfòmasyon sa a kòm yon dosye pou demann ou fè pou sipò a.
  10. Enfòmasyon Opsyonèl: Nou kapab kolekte enfòmasyon anplis tou, baze sou konsantman w, ki pa nesesè pou itilize Sèvis nou yo; enfòmasyon tankou opinyon sou pwodui, sondaj, analitik sou itilizasyon, ak temwayaj. Nou itilize enfòmasyon sa a pou amelyore ak vann Sèvis nou yo. Esponnsò w la kapab mande enfòmasyon sa a tou pou amelyore pwodui ak sèvis pa yo. Se dwa w pou w refize yo trete done pèsonèl ou pou rezon maketing dirèk, annik kontakte help@wellframe.com oswa itilize lyen pou “anile enskripsyon (unsubscribe)” la ke wap jwenn nan yon imèl ou resevwa.

Pataj

Wellframe pa lwe, pa kontrakte ni li pa vann Enfòmasyon Pèsonèl ou. Nou pataje Enfòmasyon Pèsonèl ou avèk Esponnsò w la konfòmeman ak akò nou genyen avèk Esponnsò w la ki pèmèt ou itilize Sèvis la. Esponnsò w la ka pataje Enfòmasyon Pèsonèl ou oswa mande nou pataje Enfòmasyon Pèsonl ou ak tyès pati tankou afilye Esponnsò w la oswa founisè sèvis yo. Esponnsò w la ka ba nou tou Enfòmasyon Pèsonèl oswa l ka mande nou pou n itilize Enfòmasyon Pèsonèl ou nan yon fason ki pa espesifikman mansyone anwo a. Kontakte Esponnsò w la pou chèche jwenn plis enfòmasyon sou fason yo itilize Enfòmasyon Pèsonèl ou.

Pou nou founi Sèvis la, nou ka pataje Enfòmasyon Pèsonèl ou tou avèk founisè sèvis nouyo e ak soukontraktyèl yo pou fonksyonalite, pou kominike avèk ou, pou evalye pèfòmans, oswa pou amelyore pwodui nou. Epitou nou ka devwale Enfòmasyon Pèsonèl ou pou n reponn ak yon pwosesis jiridik, kòm paregzanp, aksyon otorite lapolis, yon asiyasyon, oswa pou demontre konfòmite. Finalman, nou ka transfere Enfòmasyon Pèsonèl ou bay yon antite oswa bay patikilye ki eseye oswa ki fè akizisyon, ki achte oswa ki fè fizyon avèk tout oswa yon pati nan Wellframe, oswa atravè kèk lòt reyòganizasyon biznis.

Aprantisaj Machin

Gen pati nan Sèvis la ki ka enplike izaj ak devlopman aprantisaj machin. Aprantisaj machin enplike izaj algorit enfòmatize pou detekte tandans nan done yo otomatikman. Pou devlope, sipòte, ak itilize algorit sa yo, nou ka itilize enfòmasyon ki kategorize anwo a ak Enfòmasyon Depèsonalize jan nou defini l pi ba a. Nou itilize aprantisaj machin pou n bay fonksyonalite, amelyore  eksperyans ou, bay Esponnsò w la sèvis, maksimize operasyon nou yo, ak lòt rezon ki gen rapò ak aktivite komèsyal la. 

Enfòmasyon depèsonalize

Anplis de kategori ak itilizasyon ki endike pi wo a, nou ka retire pati idantifyab yo nan Enfòmasyon Pèsonèl ou pou n kreye enfòmasyon depèsonalize (“Enfòmasyon Depèsonalize”). Nou kapab konbine enfòmasyon depèsonalize ak lòt enfòmasyon pou n mete yo nan ansanm done agreje. Nou itilize Enfòmasyon Depèsonalize nan fason sa yo:

  1. Divilgasyon pou Rezon Komèsyal: Nou kapab otorize, itilize, devwale, oswa otreman pataje Enfòmasyon Depèsonalize avèk kliyan enstitisyonèl, asosye, envestisè ak kontraktyèl pou nenpòt rezon ki gen rapò ak pratik komèsyal nou yo.
  2. Amelyorasyon Pwodui: Nou ka itilize Enfòmasyon Depèsonalize pou amelyorasyon pwodui ikonpri Sèvis la, ikonpri devlopman algorit aprantisaj machin.
  3. Rechèch: Nou ka itilize Enfòmasyon Depèsonalize pou fè rechèch, swa rechèch syantifik, rechèch maketing oswa rechèch komèsyal. Nou ka rann rechèch sa a piblik atravè piblikasyon tankou sa ki nan yon jounal syantifik.

Estokaj Ak Konsèvasyon

Nou pral sovgade Enfòmasyon Pèsonèl ou nan sant founisè ebèjman nyaj (cloud) nou an ki Ozetazini. Nap kenbe Enfòmasyon Pèsonèl ou pi lontan posib, depi li rezonabman nesesè, pou n ba w Sèvis la, konfòmeman ak enstriksyon Esponnsò w la, oubyen pou n respekte obligasyon legal yo. Pou w jwenn detay sou ki kote ak pandan konbyen tan Esponnsò w la sovgade Enfòmasyon Pèsonèl ou, tanpri kontakte Esponnsò w la. Nou ka kenbe Enfòmasyon ki Depèsonalize an pèmanans.

Konfidansyalite Ak Sekirite

Wellframe gen yon obligasyon legal konfòmeman ak HIPAA pou l pwoteje Enfòmasyon Pèsonèl ou antanke yon Asosye Biznis Esponnsò w la. Nou mete anplas kontwòl rezonab fizik, teknik ak administratif ki fèt pou sekirize kont aksè ki pa otorize, mentni sekirite done yo, epi itilize Enfòmasyon Pèsonèl ou kòrèkteman. Nenpòt founisè tyès pati nou itilize oblije pase atravè yon pwosesis kontwòl epi yo dwe siyen akò konfidansyalite anvan menm nou itilize yo pou yo bay Sèvis la. Kèk nan mezi sekirite sa yo konte sou ou. Tanpri kenbe kritè pou koneksyon w yo sekrè, evite ale nan rezo WiFi piblik, epi dekonekte w depi ou sou aparèy ou pataje ak lòt moun. Si w ta janm sispèk gen yon pwoblèm sekirite ak kont ou, kontakte help@wellframe.com imedyatman.

Timoun

Sèvis nou an pa fèt pou timoun. Wellframe pa kolekte volontèman okenn Enfòmasyon Pèsonèl nan men timoun ki gen mwens pase laj 13 lane amwens yon paran oubyen responsab legal timoun nan te bay pèmisyon ni atravè fonksyon kont pou moun kap bay swen an. Si nou vin jwenn ke nou te kolekte Enfòmasyon Pèsonèl nan men yon timoun ki gen mwens pase laj 13 lane san konsantman apwopriye a, nou pral efase Enfòmasyon Pèsonèl sa a tousuit.

Dwa Pou Enfòmasyon Pèsonèl

Oumenm oswa yon ajan otorize, tankou yon paran oswa yon èd swayan ki otorize, ka mande pou aksede, chanje oswa efase Enfòmasyon Pèsonèl ou epi w ka mande enfòmasyon konsènan fason nou kolekte, itilize ak divilge jande enfòmasyon sa a lè w kontakte nou nan help@wellframe.com oswa (844) 452-4085. Nou fè tout efò posib pou nou kenbe enfòmasyon nan dosye w yo egzak ak konplè. Ou kapab ede nou kenbe egzaktitid enfòmasyon w yo lè w avize nou oubyen lè w avize Esponnsò w la sou nenpòt chanjman nan Enfòmasyon Pèsonèl ou pito ke posib. Puiske nou se yon Asosye Biznis HIPAA Esponnsò w la, nou ka oblije transmèt demann ou a bay Esponnsò w la ki limenm pral pran desizyon final asavwa kijan pou akomode demann ou a. Esponnsò w la ka satisfè demann ou a dirèkteman oswa l ka pase nou enstriksyon pou n ede nan yon sèten fason, e nan dènye ka sa a, nap fè aranjman avèk yo pou n satisfè demann ou a san pèdi tan. Swa noumenm oswa Esponnsò w la ka egzije pou w verifye idantite w anvan nou reponn demann ou an, ki vle di, nou ka mande w konekte w atravè aplikasyon an, nou ka ba w yon kòd verifikasyon, nou ka mande w pou reponn kesyon sekirite, oswa nou ka itilize kèk lòt mwayen. Epitou nou kapab refize demann ou an lè lalwa egzije sa oswa si demann lan gen anpil chans ke li ka revele Enfòmasyon Pèsonèl sou yon lòt moun. 

Jeneral

Sèvis la ka gen ladan l lyen oswa lyen pwofon ki mennen nan lòt sitwèb, ki louvri rezilta rechèch, ki gen done piblik oswa chanèl seleksyone, kote yo tout endepandan de Wellframe. Wellframe pa genyen kontwòl e li pa responsab pou kontni, pratik konfidansyalite vi prive, ni anons ki sou sitwèb tyès pati yo oubyen l pa responsab tou pou pèt oswa domaj ki rive pa rapò ak itilizasyon w de lyen sa yo oubyen relasyon w avèk operatè sitwèb sa yo andeyò Wellframe. Nou ankouraje w pou revize deklarasyon konfidansyalite vi prive chak sitwèb tyès pati. Wellframe pa responsab pou okenn divilgasyon ou fè bay tyès pati konsènan Enfòmasyon Pèsonèl ou, ikonpri manm fanmi w oswa zanmi w.

Chanjman Nan Règleman Konfidansyalite Vi Prive Sa A

Nou ka mete Règleman Konfidansyalite Vi Prive sa a ajou detanzantan depi nou afiche yon nouvo vèsyon sou entènèt la ak nan aplikasyon nou an. Se pou w gade paj sa a detanzantan pou revwa nenpòt chanjman epi gade nan seksyon paramèt aplikasyon nou an tou. Si nou fè nenpòt chanjman enpòtan, nap mete yon avi nan aplikasyon Wellframe nan oswa nap voye yon imèl, pou avize itilizatè aktyèl yo. Nou ka mande w pou w bay konsantman w pou nouvo kondisyon yo; otreman depi w kontinye itilize Sèvis la, oswa depi w kontinye ba nou Enfòmasyon Pèsonèl, sa pral fèt baze sou Règleman Konfidansyalite Vi Prive ki anvigè lè sa a.

Kontak

If Si w gen kesyon oswa sijesyon konsènan Règleman Konfidansyalite Vi Prive sa a, tanpri voye yon imèl pou Wellframe nan help@wellframe.com oswa ekri nou nan:

Wellframe, Inc.
ATTN: Privacy Officer
470 Atlantic Ave. Floor 8
Boston, MA 02210, USA