AKSEPTASYON AKÒ A

LÈ OU KLIKE SOU BOUTON ‘MWEN DAKÒ’ A, OSWA LÈ OU ENSTALE, OSWA ITILIZE LOJISYÈL WELLFRAME LA (“LOJISYÈL”), APLIKASYON MOBIL (“APLIKASYON MOBIL”), SITWÈB LA (“SITWÈB”), PLATFÒM, TOUT LÒT DOKIMAN KI ENKLI YO, NENPÒT SÈVIS WELLFRAME KI GEN RAPÒ AK OSWA KE LOJISYÈL SA A, APLIKASYON MOBIL SA A, OSWA SITWÈB LA PÈMÈT (KOLEKTIVMAN, LOJISYÈL SA A, SITWÈB SA A, APLIKASYON MOBIL SA A, AK SÈVIS KONÈKS YO, “SÈVIS YO”) OUMENM (OSWA MOUN KAP BA W SWEN AN SI W CHWAZI POU L RESEVWA SÈVIS YO) (“OUMENM” OSWA “ITILIZATÈ A”) REKONÈT KE NOU TE LI AKÒ SA A, KE NOU KONPRANN LI, E KE NOU DAKÒ POU NOU KONFÒME NOU AK KONDISYON JENERAL KI NAN AKÒ SA A (“AKÒ” A). AKÒ SA A PRAL REPREZANTE YON OBLIGASYON LEGAL ANT OUMENM AK WELLFRAME INC. (“WELLFRAME”, “NOUMENM”, “NOU”, “N” OSWA “PA NOU/NOU”) EPI IZAJ OU FÈ DE SÈVIS YO ANTYÈMAN VOLONTÈ.

KA SE TE YON ESPONNSÒ ENDEPANDAN KI TE ENVITE W ITILIZE SÈVIS YO, TANKOU PWOFESYONÈL SWEN SANTE W, KONPAYI ASIRANS SANTE W, ANPLWAYÈ W, RESPONSAB SWEN W LAN, OSWA NAN KAD YON ETID KLINIK (“ESPONNSÒ” W”).

SI OU PA DAKÒ AK KONDISYON JENERAL KI NAN AKÒ SILA A, PIGA KLIKE SOU ‘MWEN DAKÒ’ EPI PIGA ENSTALE NI ITILIZE LOJISYÈL LA, POU FÈ KONNEN KE OU REFIZE KONDISYON YO.

ITILIZASYON AK AKSÈ OU GENYEN NAN LOJISYÈL NOU AN AK SÈVIS NOU YO DEPANN NAN TOUT SANS SOU KONDISYON KI NAN RÈGLEMAN SOU KONFIDANSYALITE VI PRIVE NOU AN, KI DISPONIB NAN WWW.WELLFRAME.COM/HT/PRIVACYPOLICY/, E YO DEPANN TOU DE MIZAJOU NOU FÈ DETANZANTAN NAN RÈGLEMAN SOU KONFIDANSYALITE VI PRIVE A AK YON AVI REZONAB KE N AP BA OU JAN SA DEKRI NAN RÈGLEMAN SOU KONFIDANSYALITE VI PRIVE NOU AN (“RÈGLEMAN SOU KONFIDANSYALITE VI PRIVE”).

ANPLIS OU REKONÈT E OU KONPRANN KE OTORIZASYON SA A SE PA YON KONDISYON POU RESEVWA OKENN TRETMAN, PEMAN OSWA AVANTAJ E OU KONPRANN TOU KE LÈ W REFIZE AKSEPTE KONDISYON KI NAN AKÒ SILA A, IKONPRI KI NAN OTORIZASYON SILA A, SA PA PRAL AFEKTE OKENN TRETMAN, PEMAN OSWA AVANTAJ KE W KA ELIJIB POU RESEVWA. SEPANDAN, OU REKONÈT E OU KONPRANN KE SI W PA DAKÒ NI AK KONDISYON JENERAL YO KI NAN AKÒ SA A, YO PAP BA W AKSÈ NAN SÈVIS YO JAN NOU DEKRI YO LA A.

POU ITILIZE PIFÒ ELEMAN SÈVIS YO, OU OBLIJE GEN YON KONEKSYON ENTÈNÈT (WI-FI, DONE SELILÈ) ANT APARÈY MOBIL OU A AK ENTÈNÈT LA. SE OUMENM SÈL KI RESPONSAB PEYE TOUT PRI AK TOUT DEPANS POU KONEKSYON SA A, JAN YO MANSYONE NAN PLAN ABÒNMAN W LAN OSWA NAN KONTRA W LA AVÈK KONPAYI KI BA OU SÈVIS KOMINIKASYON AN. GEN KÈK NAN ELEMAN KI NAN SÈVIS YO KI KA DEPANN DE SÈVIS SANFIL OU A E KI KA DEPANN TOU DE KOUVÈTI SANFIL OU A NAN ZÒN KOTE W LOKALIZE A NAN MOMAN SA A.

KONDISYON JENERAL SA YO GEN LADAN YO YON RENONSYASYON POU AKSYON KOLEKTIF. AKÒ SILA A LIMITE REKOU KI TA OTREMAN DISPONIB POU OU SIZOKA TA GEN YON DISPIT.

SÈVIS YO PA YON SIBSTITI POU BAY KONSÈY MEDIKAL PWOFESYONÈL, NI POU BAY DYAGNOSTIK, NI TRETMAN E SE PA POU SA YO LA. SÈVIS YO PA LA POU YO RANPLASE RELASYON W GENYEN AK RESPONSAB SWEN W, DEFANSÈ W, DOKTÈ W, OSWA NENPÒT LÒT PWOFESYONÈL SWEN SANTE KI KALIFYE. SI W PANSE OU KA GEN YON IJANS MEDIKAL, RELE PWOFESYONÈL SWEN SANTE W OSWA 911 IMEDYATMAN. NOU BAY TOUT SÈVIS YO ‘SAN WETE-METE’ E SAN GARANTI OSWA SAN REPREZANTASYON.

1. SISPANSYON SÈVIS YO; REZILYASYON

  1. Nou gen dwa anile Sèvis yo nenpòt lè selon diskresyon nou pou nenpòt rezon oswa pou okenn rezon. San nou pa limite jeneralite sou tout sa ki mansyone anlè a, ou espesifikman rekonèt ke Wellframe gen dwa pou l anile oswa sispann kont ou sizoka nou detèmine, selon pwòp diskresyon nou, ke w vyole Akò sa a, e tou ke ou te patisipe nan nenpòt aktivite ki afekte defason defavorab eksperyans lòt itilizatè. Amwenske nou te fòmèlman dakò pou n fè yon lòt bagay, nou pa gen obligasyon pou nou ba ou okenn rezon ki fè nou sispann oswa anile aksè w nan Sèvis nou yo. Ou dakò pou ou pa itilize Sèvis yo si nou te deja retire w oswa entèdi w pou gen aksè ak yo.
  2. Si w vyole Akò sa a, n ap rezilye otomatikman pèmisyon w pou itilize Lojisyèl la ak Kontni an, e ou fèt pou detwi imedyatman tout kopi ou fè pou nenpòt pòsyon nan Lojisyèl la oswa nan Kontni an. Dosye w yo ki gen Done Pèsonèl ou yo disponib konfòmeman ak Règleman sou Konfidansyalite Vi Prive nou an. Rezilasyon an pap limite okenn nan dwa ni okenn nan rekou devan lalwa oswa ni nan okenn ekite ke Wellframe genyen.
  3. Lèfini Wellframe ka sispann oswa rezilye tou aksè w si nou gen rezon ki fè nou kwè ke w vyole oswa ke petèt ou te vyole dwa pwopriyete entelektyèl yon lòt moun.
  4. Ou rekonèt e ou dakò ke Lojisyèl la an devlopman e l ap kontinye sibi chanjman selon sa Wellframe detèmine, detanzantan. Wellframe rezève dwa pou l rezilye nenpòt pòsyon nan Lojisyèl la oswa nenpòt Sèvis ki gen rapò ak Lojisyèl la, a nenpòt moman.

2. MODIFIKASYON KONDISYON YO

  1. Wellframe rezève dwa pou l modifye Akò sa a nenpòt lè e pou nenpòt rezon. Wellframe pral afiche vèsyon Akò sa a ki pi ajou a nan https://www.wellframe.com/eula. Si Wellframe fè chanjman enpòtan nan Akò sa a, ou pral resevwa yon avi atravè Aplikasyon Mobil la.
  2. Malgre tout sa ki mansyone pi wo a, se responsabilite w pou konfòme w avèk mizajou nan kondisyon yo afiche sou entènèt nan sitwèb Wellframe la menmsi mizajou nan kondisyon sa yo parèt sou entènèt la nan sitwèb Wellframe la anvan yo afiche yo sou Aplikasyon Mobil la. Si w kontinye itilize Aplikasyon Mobil la apre Wellframe fin pibliye avi sou chanjman ki fèt nan Akò sa a, sa montre ke w konsanti ak mizajou nan kondisyon yo.

3. DESKRIPSYON SÈVIS YO

  1. Wellframe gen yon platfòm pou moun jere sante yo dijitalman. Platfòm nou an konekte moun ak resous sante e ak resous ki gen rapò ak sante ke Esponnsò yo a mete aladispozisyon yo pou ede yo santi yo konfyan, santi sistèm swen sante a ap okipe yo e ap ba yo sipò, toulèjou. Apade lòt bagay resous yo ofri, yo ofri tou atik edikatif, evalyasyon ak depistaj, lyen nan sit tyès pati, rapèl ak alèt, rekòmandasyon ak tach, siveyans sentòm/medikaman/enfòmasyon byometrik, avantaj plan sante ak enfòmasyon administrasyon, ak aksè pou jwenn anplwaye plan sante a.
  2. Wellframe fè tout efò l kapab pou l sovgade done yo konfye nou yo kòmsadwa. Konfòmeman ak Règleman sou Konfidansyalite Vi Prive nou an, nou rasanble done sou manm nou yo etan yap fè entè-aksyon ak Lojisyèl la epi nou itilize l pou pèsonalize eksperyans endividyèl la epitou pou nou kontinye amelyore platfòm lan anjeneral, avèk lòt bagay ankò. Nou ka pataje done yo ak Esponnsò w la ansanm ak lòt patnè ki te sibi yon pwosesis apwobasyon rijid. Nou pa pataje done ak antite ki fè piblisite.

4. MOUN KAP BAY SWEN

  1. Lojisyèl la ka pèmèt ou otorize youn oswa plizyè moun kap bay swen (“Moun Kap Bay Swen”) ke w envite pou itilize Lojisyèl la nan non w. Ou rekonèt ke Wellframe pa responsab si w otorize nenpòt Moun Kap Bay Swen pou l gen aksè ak itilize Lojisyèl la nan non w.
  2. Si oumenm ou itilize Sèvis nou yo antanke yon Moun Kap Bay Swen nan non yon lòt moun, kòm paregzanp antanke yon zanmi oswa yon manm fanmi, ou deklare e ou bay garanti ke w gen otorite pou itilize Sèvis nou yo nan non lòt moun sa a.

5. AKÒDE LISANS

  1. Mwayennan kondisyon jeneral ki gen nan Akò sa a, palaprezant Wellframe akòde w yon lisans pèsonèl, ki pa transferab, ki pa eksklizif, ke ou pa kapab soulisansye, ki revokab, san redevans, ki gen restriksyon, pou:
    1. Teledechaje, enstale epi itilize Lojisyèl la pou pwòp rezon entèn ou, pa pou rezon kòmèsyal, nan yon aparèy mobil pòtab ki swa pou ou oswa ke w kontwole (“Aparèy Mobil”); epi pou
    2. Aksede ak itilize sou Aparèy Mobil sa a, Sèvis yo ak Kontni an (jan nou defini l pi ba a) ki disponib atravè Lojisyèl la oswa ki aksesib atravè Lojisyèl la.
  2. Epitou ou rekonèt ke pòsyon nan Lojisyèl la, ikonpri pòsyon enpòtan nan Sèvis yo ki aksesib antanke pati nan Lojisyèl la, yo pral bay pòsyon sa yo atravè aksè kap fèt adistans, soti nan Aparèy Mobil ou a pou ale nan platfòm Wellframe la.
  3. Ou ka kopye Lojisyèl la sou Aparèy Mobil ou, e ou ka fè yon (1) kopi Lojisyèl la kòm bakòp oswa pou rezon achiv. Ou aksepte ke (i) itilizasyon w ak posesyon w de kopi sa yo ap asijeti eksklizivman a kondisyon jeneral ki nan Akò sila a, e (ii) ou fèt pou mete menm avi eksklizif ak dwadotè sa yo ak lejann yo sou tout kopi yo, jan Wellframe mete yo sou nenpòt medya ki gen yon kopi otorize de Lojisyèl la ke Wellframe te founi alorijin. Ou pa gen pèmisyon pou kopye Lojisyèl la oswa Kontni an, eksepte jan sa dekri nan seksyon sa a.

6. RESTRIKSYON LISANS

  1. Nan limit lalwa aplikab otorize sa, ou pa gen dwa pou:
    1. ou pa gen dwa pou modifye Lojisyèl la, enkòpore Lojisyèl la kit se nan lansanm oswa kit se anpati nan nenpòt lòt pwodui oswa kreye travay derivatif ki baze sou tout oswa sou yon pati nan Lojisyèl la;
    2. ou pa gen dwa pou itilize Lojisyèl la an koneksyon ak yon biwo sèvis, pataj tan oswa aranjman frè pou sèvis ki fèt avèk tyès pati;
    3. ou pa gen dwa pou wete oswa maske nenpòt avi dwadotè, avi mak depoze, oswa lòt avi sou dwa pwopriyetè ki afiche sou oswa ki gen rapò ak Sèvis yo;
    4. ou pa gen dwa pou modifye, tradui, adapte, konvèje, fè travay derivatif, dezasanble, dekonpile, envèse konpilasyon, oswa efektye enjeniri envès nan nenpòt pati nan Sèvis nou yo.
    5. Ou pa gen dwa pou aksede, wè okenn kòd sous oswa kòd objè Wellframe oswa konpayi ki konsede n lisans yo; oswa
    6. Ou pa gen dwa pou wete, dezaktive, kontoune oswa nan leka kontrè kreye oswa enplemante nenpòt travay kontounman nan okenn pwoteksyon kopi, jesyon dwa, oswa eleman sekirite nan Lojisyèl la oswa nan pwoteksyon Lojisyèl la. Si w debarase w de nenpòt medya ki gen Lojisyèl la oswa Kontni a ladan l, ou fèt pou asire w ke ou konplètman efase oswa ou konplètman detwi tout Lojisyèl ak Kontni ki konsève nan medya sa a.
  2. LOJISYÈL LA PA FÈT POU YO ITILIZE L NAN OKENN SITIYASYON KOTE MALFONKSYÒNMAN LOJISYÈL LA KA LAKÒZ LANMÒ OSWA NENPÒT DOMAJ NAN KÒ. OU RESPONSAB EKSLIZIVMAN POU W ITILIZE LOJISYÈL LA YON FASON KI KONSISTAN AK TOUT LWA ENTÈNASYONAL, REJYONAL, FEDERAL, NASYONAL, ETATIK AK LOKAL.

7. REZÈVASYON DWA

  1. Ou dakò ak rekonèt ke
    1. se oumenm ki gen lisans pou Lojisyèl la, yo pa vann ou li, e Wellframe pa transfere okenn enterè pwopriyetè nan Lojisyèl la, nan pwopriyete entelektyèl nan okenn Lojisyèl oswa nan okenn kopi Lojisyèl, ba ou selon Akò sa a oswa otreman;
    2. Wellframe ak konpayi ki ba l lisans yo rezève tout dwa ke yo pa ba ou fòmèlman jan li endike anba a;
    3. Wellframe oswa konpayi ki ba l lisans yo rezève e kenbe tout dwa, tout tit ak tout enterè an relasyon ak Lojisyèl la (ikonpri, men pa nan yon fason limite, nenpòt imaj, algorit, foto, animasyon, videyo, odyo, mizik ak tèks ki enkòpore nan Lojisyèl la);
    4. Se Lwa sou Dwa Dotè Etazini ak trete entènasyonal ki gen rapò ak pwoteksyon dwadotè ki pwoteje Lojisyèl la; epi
    5. Lojisyèl la gen ladan l, e Akò sa a pral kouvri l, nenpòt mizajou, amelyorasyon oswa erè nan Lojisyèl la ke yo founi w.

8. ITILIZASYON KONTNI

  1. Lojisyèl la ak Kontni an ka gen erè tipografik ladan yo, lòt erè aksidantèl oswa enfòmasyon ki pa egzak. Nou rezève dwa pou nou fè chanjman nan Lojisyèl la, nan non dokiman yo, nan Kontni an, nan deskripsyon oswa espesifikasyon pwodui oswa Sèvis yo, oswa nan lòt enfòmasyon, san nou pa gen obligasyon pou nou soumèt yon avi sou chanjman sa yo.
  2. Ou kapab gade, kopye, teledechaje epi enprime Kontni ak Pyès Jwent yo (ki defini pi ba a) ki disponib atravè Lojisyèl la, mwayennan kondisyon swivan yo:
    1. Ou kapab itilize Kontni ak Pyès Jwent yo sèlman pou rezon enfòmasyon pèsonèl. Ou pa gen dwa repwodui ni transmèt Lojisyèl sa a oswa Kontni li, sou kèlkeswa fòm nan, pa kèlkeswa mwayen an, keseswa elektwonik oswa mekanik, ikonpri nan fè fotokopi ak anrejistreman pou kèlkeswa rezon an.
    2. Ou pa gen dwa modifye Kontni an.
    3. Ou pa gen dwa retire dwadotè, mak komèsyal, ak lòt avi eksklizif.
  3. Pa gen anyen ki sou Sitwèb la oswa ki nan Sèvis Lojisyèl la ke ou dwe entèprete kòm yon otorizasyon, defason enplisit oswa pa eksklizyon, oswa otreman, pou lisans oswa pou gen dwa pou itilize Lojisyèl sa a oswa nenpòt Kontni ki afiche sou Sitwèb nou an, atravè itilizasyon kadraj oswa atravè lòt mwayen, eksepte: (a) jan kondisyon sa yo fòmèlman pèmèt izaj la; oswa (b) avèk otorizasyon ekri davans nou oswa avèk pèmisyon tyès pati sa a ki ka pwopriyetè mak depoze a oswa ki gen dwadotè pou materyèl yo afiche sou Sitwèb nou an.

9. KONTNI ITILIZATÈ A SOUMÈT

  1. Se oumenm ki responsab pou tout Kontni ak tout done pèsonèl (ikonpri foto yo) ke w soumèt, afiche, oswa ke w mete adispozisyon oswa atravè Sèvis yo (“Pyès Jwent yo”). Lè w fè sa, ou prezante epi w bay Wellframe garanti ke Kontni sa a ak Pyès Jwent yo pa enfòmasyon konfidansyèl ki pou yon lòt moun oswa antite (amwenske wap aji antanke ke Moun kap Bay Swen) e ke w gen tout pèmisyon ki nesesè pou soumèt, afiche ak mete Kontni ak Pyès Jwent sa yo disponib. Wellframe pa fè okenn deklarasyon pou l di ke li se pwopriyetè Kontni ak Pyès Jwent ou soumèt, afiche, oswa ke w mete adispozisyon oswa atravè Sèvis yo epi wap kontinye retni tout dwa pwopriyetè pou Kontni ak Pyès Jwent sa yo jan w deside l.
  2. Sepandan, wap konsede bay Wellframe, afilye, kontraktyèl, founisè sèvis ak ajan nou yo dwa ak lisans san redevans toupatou nan monn lan, non-eksklizif, pèpetyèl, irevokab, global (ki depann nan tout ka sou Règleman Konfidansyalite Vi Prive a) (a) pou itilize, repwodui, modifye, adapte, pibliye, tradui, kreye travay derivatif, distribye, ekzekite piblikman, ak afiche piblikman Kontni pou l ka livre, devlope, amelyore, ak fè piblisiste pou Sèvis yo; (b) pou devlope, sipòte ak itilize Kontni an pou l devlope algorit pou detekte tandans nan done yo; epi (c) pou itilize, repwodui, analize, regwoupe epi otreman trete done pèsonèl konfòmeman ak Règleman sou Konfidansyalite Vi Prive a.
  3. Tanpri, note ke Moun Kap ba w Swen yo ka gen menm aksè nan Kontni ak done pèsonèl ou te antre yo. Lè w chwazi pataje Lojisyèl la ak Moun Kap Bay Swen yo, moun sa yo ap kapab wè ak pataje sa ki nan Kontni w ikonpri, men san se pa sa yo sèlman, afich, nòt, mesaj, foto, videyo, elatriye. Epitou Moun Kap Bay Swen an kapab ajoute Kontni nan Lojisyèl ou a, tankou nòt, foto, videyo, elatriye. Si w pa vle yo pataje done pèsonèl ou avèk Moun Kap Bay Swen yo, ou pa dwe envite Moun Kap Bay Swen yo pou yo wè oswa resevwa Kontni w.
  4. Lè w telechaje oswa pataje non yon timoun, foto l oswa yon foto ki gen rapò ak pitit ou nan Lojisyèl la, ou rekonèt ke imaj sa a oswa non sa a pa konfidansyèl e ke w gen tout pèmisyon ki nesesè pou soumèt, afiche, ak otreman mete foto a ak non an disponib e w konsanti pou Wellframe itilize foto sa a nan kad Lojisyèl la men sèlman si yo bezwen li pou bay Sèvis yo.

10. RÈGLEMAN SOU IZAJ KI AKSEPTAB

  1. Ou dakò pou ke aksyon suivan yo vin konstitye yon vyolasyon enpòtan nan Kondisyon sa yo, e ke w pap telechaje ni transmèt okenn kominikasyon ni okenn kontni, kèlkeswa tip la:
    1. ki konstitye òf ki pa solisite, piblisite, pwopozisyon, imèl endezirab, oswa spam ke lòt itilizatè Sèvis yo pral wè oswa pral resevwa. Ladann gen bagay nap site yo men se pa sa yo sèlman, piblisite ki pa solisite, materyèl pwomosyonèl oswa lòt materyèl solisitasyon, livrezon postal an mas ki gen piblisite komèsyal, kourye an chèn, sistèm piramidal, anons enfòmasyon, demann pou charite, ak petisyon pou siyati yo;
    2. ki pote atent oswa ki vyole nenpòt dwa nenpòt pati;
    3. ki pretann ou se yon lòt moun oswa antite, oswa ki kreye yon fo enpresyon oswa ki twonpe zòt asavwa orijin kominikasyon w yo;
    4. ki anfrenn sou pwopriyete entelektyèl, dwa dotè, sekrè komèsyal, konfidansyalite vi prive, oswa dwa piblisitè zòt;
    5. ki ilegal, endesan, denigran, defamatwa, menasan, agasan, abizif, medizan, rayisab, ofansif oswa anbarasan pou nenpòt lòt moun oswa antite jan Wellframe ta deside sa defason rezonab
    6. ki ankouraje vyolans, izaj dwòg ilegal, oswa abi sibstans oswa ki dekri kijan pou komèt yon zak vyolan, itilize dwòg ilegal, oswa abize lòt sibstans
    7. ki ranmase oswa otreman rekeyi enfòmasyon sou zòt, ikonpri adrès imèl, san konsantman yo
    8. ki devwale done pèsonèl zòt, ikonpri non yo, adrès imèl, nimewo telefòn, oswa nenpòt lòt enfòmasyon konfidansyèl oswa pèsonèl ki ka idantifye yo (apade sa moun kap bay swen an ka fè, lè sa aplikab)
    9. ki distribye viris oswa lòt kòd enfòmatik ki nuizib;
    10. ki restrenn oswa anpeche nenpòt lòt moun itilize oswa jwi de Sèvis yo, oswa ki, nan jijman rezonab Wellframe, ekspoze nou oswa nenpòt nan kliyan, asosye, afilye, oswa founisè nou yo a nenpòt responsabilite oswa nan nenpòt tip dezavantaj; oswa
    11. ki enplike timoun minè ki poko gen laj 13 lane san konsantman paran yo

11. DONE PÈSONÈL

  1. Lè w itilize Sèvis yo, ou otorize Wellframe pou l kolekte, resevwa, itilize ak devwale enfòmasyon pèsonèl ou jan sa defini ak jan sa dekri nan Règleman sou Konfidansyalite Vi Prive nou an: https://www.wellframe.com/privacypolicy. Wellframe dakò pou l itilize ak pwoteje enfòmasyon pèsonèl ou konfòmeman ak Règleman sou Konfidansyalite Vi Prive a, e konfòmeman ak lwa ki aplikab yo.
  2. Ou dakò ke Wellframe ka kolekte ak itilize Done Pèsonèl ak done teknik ak enfòmasyon ki asosye yo, ikonpri bagay nou pral site yo men se pa sa yo sèlman, idantifikatè aparèy inik ak lòt enfòmasyon teknik (“Done Global”) sou aparèy ou a, sistèm ak lojisyèl aplikasyon w lan, ak periferi enfòmatik ke yo rekeyi peryodikman pou fasilite mizajou lojisyèl la, sipò pwodui, ak lòt sèvis ke yo ba ou (si genyen) ki gen rapò ak Lojisyèl la, epi pou siveye ak rapòte aktivite w anndan Lojisyèl la, ikonpri pou rezon analitik.
  3. Lè Wellframe itilize ak revele nenpòt Done Pèsonèl ak Done Global, li pral fè sa konfòmeman ak tout lwa ak règleman ki aplikab yo. Ou aksepte ke:
    1. ou konsanti pou l revele ak itilize Done Global yo;
    2. Wellframe pa gen obligasyon pou l peye w okenn montan ni pou l konpanse w, ni konpanse okenn lòt moun ditou pou l revele ak itilize done sa yo;
    3. Wellframe pa gen okenn obligasyon pou l founi w okenn lòt enfòmasyon keseswa konsènan lefèt ke lap revele oswa itilize done yo; e
    4. depi ke w gen enterè antanke pwopriyetè nan nenpòt nan Done Global sa yo, ou renonse a tout dwa w genyen sou enterè sa a e ou renonse a tout dwa w genyen pou chèche konpansasyon poutèt divilgasyon oswa izaj sa yo.

12. SIPOZISYON RISK

  1. Wellframe pa bay konsèy dyagnostik oswa konsèy klinik ni l pa gen lentansyon bay konsèy sa yo nonplis.
  2. Tanpri souple, piga mande Wellframe pou konsèy medikal–ni piga konsidere–okenn enfòmasyon ke nou kominike kòm yon konsèy medikal. Byenke Sèvis yo ka gen ladan yo atik sou sijè medikal, nou pa bay okenn garanti ke atik yo gen enfòmasyon ki kòrèk. Menmsi nou fè yon deklarasyon sou sante oswa sou pwoblèm medikal ki kòrèk, deklarasyon sa a ka pa aplike pou sentòm ou yo oswa li ka pa aplike pou sentòm yon moun wap bay swen genyen.
  3. Enfòmasyon sante oswa medikal nou ekri yo se enfòmasyon jeneral yo ye e yo pa ka ranplase konsèy yon pwofesyonèl swen sante ki gen lisans. Wellframe pa pran okenn responsabilite pou rezilta oswa konsekans ki ta prezante sizoka ta gen tantativ pou itilize oswa adopte nenpòt enfòmasyon ki nan materyèl nou yo. Ou pa dwe entèprete okenn bagay nan Sèvis nou yo kòm yon tantativ pou ofri oswa pou bay yon opinyon medikal oswa pou otreman angaje nan pratike lamedsin.
  4. Depi w gen kesyon ki gen rapò ak yon pwoblèm medikal, toujou chèche jwenn konsèy nan men medsen w oswa nan men lòt pwofesyonèl swen sante kalifye. Si w panse oumenm, oswa yon moun wap bay swen, ka gen yon ijans medikal, rele doktè w oswa 911 imedyatman.

13. PWOTEKSYON MODPAS

  1. Se responsabilite w pou w pran tout mezi rezonab pou asire ke okenn moun ki pa gen otorizasyon aksede kont ou.
  2. Se responsabilite w pou:
    1. seleksyone yon modpas ki solid;
    2. kontwole distribisyon modpas ou oswa enfòmasyon sou kont ou;
    3. otorize, siveye ak kontwole aksè ak itilizasyon kont ou ak modpas ou; epi
    4. fè nou konnen si gen nesesite pou n dezaktive modpas ou oswa chanje anrejistreman w lan pi vit ke posib.
  3. Wellframe pa responsab ni li pa gen obligasyon vizavi oumenm nan okenn fason, si yon moun ki pa otorize entèsepte enfòmasyon w, ki swa an tranzit oswa ki lakay ou, nan yon biznis oswa lòt kote ki gen aksè.

14. Enfòmasyon Idantifikasyon pou Koneksyon ak Aksè

  1. Ou dwe itilize enfòmasyon idantifikasyon koneksyon (“Enfòmasyon Idantifikasyon Koneksyon”) w pou gen aksè nan Lojisyèl la. Ou dakò ke w responsab pou pwoteje Enfòmasyon Idantifikasyon Koneksyon w yo pou yo pa itilize l san otorizasyon, e ou responsab pou tout aktivite ki rive atravè Enfòmasyon Idantifikasyon Koneksyon sa yo. Ou aksepte pou w avize nou imedyatman si w panse ke yo itilize oswa ke yo ka te itilize nenpòt nan Enfòmasyon Idantifikasyon Koneksyon w yo san pèmisyon w, pou nou pran mezi apwopriye nan ka sa a.
  2. Ou pa gen dwa pou (i) kreye plis pase yon kont pou aksede Lojisyèl la, (ii) ou pa gen dwa pou pataje Enfòmasyon Idantifikasyon pou Koneksyon w lan ak okenn tyès pati oswa (iii) ou pa gen dwa pou transfere kont ou bay okenn tyès pati.
  3. Wellframe pa responsab pou okenn pèt oswa domaj ou sibi, ni okenn depans ke w fè akoz ou pat sovgade Enfòmasyon Idantifikasyon Koneksyon w lan.
  4. Wellframe ap pwoteje kòm konfidansyèl, nenpòt Done Pèsonèl ou bay pou konplete fòm anliy ki aplikab yo pou etabli Enfòmasyon Idantifikasyon Koneksyon w yo ak Wellframe.
  5. Ou aksepte pou bay, mentni ak mete ajou, Done Pèsonèl ki otantik, egzak, aktyèl e konplè ki sou ekran yo ki kolekte enfòmasyon nan men w an koneksyon ak Lojisyèl la, e ou rekonèt ke ou pap bay fo enfòmasyon sou idantite w oswa sou afilyasyon w ak nenpòt moun oswa nenpòt antite.

15. Restriksyon sou Ekspòtasyon

  1. Lojisyèl la ka asijeti ak lwa kontwòl ekspòtasyon Etazini, ikonpri Lwa sou Refòm Kontwòl Ekspòtasyon ak règleman ki asosye ak li yo.
  2. Ou pa gen dwa, kit se dirèkteman oswa endirèkteman, ekspòte, re-ekspòte oswa pase Lojisyèl la bay, oswa fè Lojisyèl la aksesib apatide nenpòt jiridiksyon oswa peyi kote lalwa, règ oswa règlemantasyon entèdi ekspòtasyon, re-ekspòtasyon oswa divilgasyon.
  3. Ou fèt pou konfòme w ak tout lwa, tout règleman ak tout règ federal ki aplikab yo epi w fèt pou w konplete angajman obligatwa yo (ikonpri obtansyon nenpòt lisans ekspòtasyon oswa lòt otorizasyon gouvènmantal ki nesesè), anvan w ekspòte, re-ekspòte, divilge, oswa otreman fè Lojisyèl la disponib andeyò Etazini.

16. APLIKASYON KONDISYON YO

Ou dakò ke donè lisans Wellframe yo ki endike nan Lojisyèl la se benefisyè endepandan yo ye nan Akò sila a, e yo ka aplike Akò sila a jan l konsène pwopriyete entelektyèl li a. Seksyon nan Akò sila a, ki natirèlman ap rete efektif apre ekspirasyon oswa rezilyasyon Akò sa a, ap kontinye rete efektif selon kondisyon l yo.

17. DWA GOUVÈNMAN AMERIKEN

Lojisyèl la se yon lojisyèl komèsyal, tèlke yo defini tèm sa a nan Tit 48 Seksyon 2.101 nan Kòd Règleman Federal yo (48 C.F.R. § 2.101). Pa konsekan, si w se yon ajans Gouvènman Ameriken an oswa nenpòt kontraktyèl pou yo, ou resevwa dwa sa yo sèlman parapò ak Lojisyèl la menm jan yo akòde li bay tout lòt itilizatè final sou lisans, konfòmeman ak (a) 48 C.F.R. § 227.7201 jouk rive nan 48 C.F.R. § 227.7204, parapò ak Depatman Defans lan ak kontraktyèl yo, oswa konfòmeman ak (b) 48 C.F.R. § 12.212, parapò ak tout lòt detantè lisans Gouvènman Ameriken an ak kontraktyèl yo.

18. Aksè nan Lojisyèl nou an pou Minè

Lwa sou Konfidansyalite Vi Prive ak Pwoteksyon Anliy Timoun (Children’s Online Privacy and Protection) egzije ke founisè sèvis anliy yo, ki aksesib pou timoun ki gen mwens ke laj 13 lane, dwe obteni konsantman parantal anvan yo kolekte enfòmasyon pèsonèl idantifyab anliy nan men timoun sa yo. Wellframe pa, an tout konesans, kolekte Done Pèsonèl nan men timoun ki gen mwens pase laj 13 lane, e Lojisyèl nou an pa fèt pou itilizatè ki gen mwens pase laj 13 lane. Palaprezant, ou rekonèt e ou dakò ke timoun ki gen mwens ke laj 13 lane entèdi pou yo itilize Lojisyèl nou an. Yon paran, responsab legal oswa reprezantan pèsonèl ka itilize Lojisyèl la onon yon timoun ki gen mwens ke laj 13 lane. Metsouli, ou rekonèt e ou dakò ke minè ki gen ant laj 13 ak 17 lane, ka itilize Lojisyèl nou an, men ke yon paran, responsab legal oswa reprezantan pèsonèl fèt pou bay konsantman l pou Akò sila a, ak Règleman sou Konfidansyalite Vi Prive nou an, onon yo.

19. SÈVIS TYÈS PATI

  1. Nan sèten ka, ou ka anmezi pou aksede, pwograme, oswa otreman itilize sèvis yo oswa wè kontni ke yon tyès pati founi, tankou sèvis telesante, sèvis pou tès, oswa lòt sèvis ki gen rapò ak sante w oswa ak avantaj sante, atravè Lojisyèl la (“Sèvis Adisyonèl” yo).
  2. Se pa Wellframe ki founi Sèvis Adisyonèl sa yo. Se tyès pati yo ki founi Sèvis Adisyonèl sa yo e yo ka oblije respekte kondisyon jeneral adisyonèl. Wellframe ka mande w pou bay enfòmasyon ki gen rapò ak fason w itilize Sèvis Adisyonèl sa yo, konfòmeman ak Règleman sou Konfidansyalite Vi Prive nou an.
  3. Wellframe ka aksepte pou l pèmèt ajans piblisitè pou yo reponn a sèten tèm rechèch ak piblisite oswa materyèl yo patwonnen. Ou rekonèt epi w dakò ke Wellframe pa responsab pou Sèvis Adisyonèl sa yo, epitou li pa responsab pou presizyon, entegralite, rapidite, validite, dwa dotè, konfòmite, legalite, desans, kalite oswa nenpòt aspè nan Sèvis Adisyonèl sa yo.
  4. Genyen nan Sèvis Adisyonèl sa yo ki ka itilize Kontni selon lisans Wellframe. Wellframe pa responsab ni nou pa andose okenn karakteristik, kontni, piblisite, pwodui, ni okenn lòt materyèl nan lòt sitwèb oswa nan lòt aplikasyon, kit Wellframe afilye kit li pa afilye ak Sèvis Adisyonèl sa yo. Ou pran angajman pou tout risk e noumenm nou renonse a tout responsbilite ki ta vin prezante poutèt wap itilize Sèvis Adisyonèl yo.
  5. Ou rekonèt e ou byen konprann ke si w chwazi pou bay nenpòt Done Pèsonèl ki ta fè pati de Sèvis Adisyonèl yo, resevè Done Pèsonèl sa yo, apre yo fin divilge l done sa yo, ka pa gen pou l soumèt li ak menm obligasyon yo selon lalwa federal sou konfidansyalite vi prive oswa selon lòt Lwa ak Règleman ki Aplikab, epi sit tyès pati sa yo ka itilize oswa re-divilge enfòmasyon an konfòmeman ak lwa e ak règleman ki aplikab yo e ak règleman respektif yo sou konfidansyalite vi prive.

ENTEGRASYON APARÈY

  1. Epitou Lojisyèl la ka aji kòm sistèm notifikasyon parapò ak evènman espesifik ke yon aparèy byometrik ou posede oswa ke w kontwole ki konekte ak Lojisyèl la, ka detekte. Piga itilize Lojisyèl la kòm yon sibstiti pou suiv dirèkteman ak pou verifye evènman espesifik. Wellframe pa responsab pou aparèy byometrik ou a, ikonpri presizyon l, sekirite l, entegralite l, rapidite l, validite l, dwa dotè l, konfòmite l, legalite l, desans li, kalite l oswa nenpòt aspè ladan l. Yo pral konsidere kòm Kontni enfòmasyon ke noumenm ak/oswa Esponnsò w la resevwa ki soti nan aparèy ou a.
  2. Konpayi tyès pati ki fabrike aparèy byometrik ou a ka egzije w pou li oswa konsanti ak kondisyon sèvis, règleman sou konfidansyalite vi prive, oswa lòt akò itilizatè (“Akò Itilizatè Fabrikan” an), epi yo ka anpeche w konekte ak aparèy ou nan Lojisyèl la si w pa konsanti ak akò sa yo dabò. Lè w itilize Sèvis yo, ou dakò pou konfòme w ak kondisyon ki gen nan Akò Itilizatè Fabrikan an.

21. MIZAJOU

  1. Wellframe ka detanzantan, selon pòp diskresyon li, devlope epi fè mizajou nan Lojisyèl, e nan mizajou yo ka gen erè, modifikasyon, lòt koreksyon erè, ak/oswa nouvo fonksyon (kolektivman, ikonpri dokiman ki gen rapò avèk yo, “Mizajou yo”). Epitou mizajou yo ka modifye oswa efase antyèman sèten fonksyon ak sèten eleman fonksyonèl.
  2. Ou dakò ke Wellframe pa gen okenn obligasyon pou l bay okenn Mizajou ni li pa gen okenn obligasyon pou l kontinye bay oswa pèmèt okenn fonksyon oswa okenn eleman fonksyonèl an patikilye. Selon reglaj Aparèy Mobil ou, lè Aparèy Mobil ou konekte nan entènèt la, swa: (a) Lojisyèl la ap teledechaje otomatikman epi l ap enstale tout Mizajou ki disponib; oswa (b) ou ka resevwa avi oswa l ka envite w teledechaje ak enstale Mizajou ki disponib yo.
  3. Ou fèt pou teledechaje ak enstale, san pèdi tan, tout Mizajou epi w fèt pou rekonèt ak dakò ke ka gen posibilite ke Lojisyèl la oswa kèk pati ladan l ka pa fonksyone kòrèkteman si w pa fè sa. Anplis ou dakò ke tout Mizajou yo ap fè pati de Aplikasyon an epi yap soumèt yo ak tout kondisyon jeneral ki gen nan Akò sa a.

22. KONSANTMAN POU SOLISITASYON AK KOMINIKASYON ELEKTWONIK.

  1. Lè w teledechaje Aplikasyon Mobil la, ou otorize Wellframe pou l voye ba ou (ikonpri atravè imèl ak atravè notifikasyon dirèk) enòmasyon konsènan Sèvis yo ak Aparèy Mobil la, kòm paregzanp: (a) avi sou jan w itilize Sèvis yo, ikonpri avi sou vyolasyon izaj; (b) mizajou nan Sèvis yo ak nouvo fonksyon oswa pwodui; ak (c) enfòmasyon pwomosyonèl ak materyèl konsènan pwodui ak sèvis nou yo.
  2. Ou ka revize reglaj pou notifikasyon kont ou an epi w ka ajiste preferans mesaj ou yo, ikonpri aksepte resevwa mesaj anplis yo oswa sispann abònman pou resevwa sèten mesaj atravè reglaj Aplikasyon Mobil la.

23. RENONSYASYON GARANTI

  1. WELLFRAME METE LOJISYÈL LA ALADISPOZISYON W “JAN L YE A”, AK TOUT DEFO LI E SAN OKENN GARANTI, FÒMÈL, LEGAL, ENPLIKE OSWA OTREMAN, IKONPRI SAN LIMIT POU GARANTI KOMÈSYABILITE, PÈTINANS POU YON REZON PATIKILYE, OSWA NON-VYOLASYON. WELLFRAME PA FÈ OKENN REPREZANTASYON NI LI PA BAY OKENN GARANTI KE LOJISYÈL LA EGZAK, KONPLÈ OSWA AJOU.
  2. WELLFRAME PA FÈ OKENN REPREZANTASYON NI LI PA BAY OKENN GARANTI KESESWA KI GEN RAPÒ AK ITILIZASYON OSWA REZILTA ITILIZASYON NENPÒT DONE OSWA ENTÈRAKSYON AK NENPÒT ITILIZATÈ. KE SE ENFÒMASYON ORAL OSWA ENFÒMASYON EKRI, KE SE KONSÈY KE NENPÒT ANPLWAYE, REPREZANTAN OSWA DISTRIBITÈ WELLFRAME BAY, SA YO PA DWE SÈVI POU KREYE YON GARANTI POU LOJISYÈL LA, E OU PA DWE KONTE SOU YON TÈL ENFÒMASYON OSWA KONSÈY. DONÈ LISANS WELLFRAME YO FÒMÈLMAN DEKLINE NENPÒT AK TOUT GARANTI KI GEN RAPÒ AK LOJISYÈL LA.

24. LIMIT SOU RESPONSABILITE AK OTORIZASYON

  1. NAN OKEN KA, WELLFRAME OSWA DONÈ LISANS LI YO PA DWE RESPONSAB VIZAVI OUMENM POU NENPÒT DOMAJ ESPESYAL, KONSEKANSYÈL, PINITIF, EGZANPLÈ, PA AKSIDAN OSWA ENDIRÈK (IKONPRAI E SAN LIMIT, POU DEPANS POU KOUVRI DOMAJ KI PREZANTE AKÒZ PÈT DONE, ITILIZASYON, PWOFI OSWA BYENVEYANS), KIT YO TE AVIZE WELLFRAME SOU POSIBILITE POU PÈT SA A, KIT YO PAT AVIZE L, KÈLKESWA JAN PÈT SA A TE FÈT E BAZE SOU NENPÒT TEYORI RESPONSABILITE KI PREZANTE NAN AKÒ SA A. LIMIT SA YO FÈT POU APLIKE SAN TENI KONT DE MANKMAN PARAPÒ AK OBJEKTIF ESANSYÈL POU TOUT LÒT REKOU.
  2. RESPONSABILITE MAKSIMÒM AGREJE WELLFRAME KI PREZANTE BAZE SOU AKÒ SILA A AK/OSWA ITILIZASYON W OSWA POSESYON W DE LOJISYÈL LA, IKONPRI SAN LIMIT POU NENPÒT REKLAMASYON POU TÒ KI PREZANTE (IKONPRI NEGLIJANS), KONTRA, VYOLASYON GARANTI, RESPONSABILITE ESTRIK OSWA OTREMAN, E POU NENPÒT AK TOUT REKLAMASYON KONBINE, PA DWE DEPASE $1 AMERIKEN.

25. EKSKLIZYON

GEN SÈTEN JIRIDIKSYON KI PA PÈMÈT EKSKLIZYON GARANTI ENSINYE OSWA LIMIT SOU SÈTEN TIP DOMAJ, KIDONK RENONSYASYON KI ENDIKE PI WO A AK LIMIT YO KA PA APLIKE POU OU POU SA KI ANRAPÒ AK SÈTEN TIP DOMAJ OSWA REKLAMASYON.

26. AVI

Yo pral voye avi yo estipile pi ba yo nan adrès imèl ou te bay la lè w te enskri pou teledechaje ak enstale Lojisyèl la. Lè wap voye avi bay Wellframe, voye yo alatansyon de: Legal Department nan Wellframe, Inc. 470 Atlantic Avenue, 8th Floor, Boston, MA 02210. Chak pati ka chanje adrès sa a depi li voye yon avi alekri bay lòt pati a.

27. LWA APLIKAB

  1. Se Lwa Commonwealth of Massachusetts, USA ki pou konfòmeman administre ak entèprete Akò sa a, san ega pou evantyèl konfli ak dispozisyon lalwa. Antandike Konvansyon Nasyon Zini sou Kontra pou Vant Entènasyonal pap aplike.
  2. Palaprezant, pati yo konsanti ak jiridiksyon ak konpetans eksklizif tribinal leta ki nan Suffolk County, Massachussetts oswa konsanti ak nenpòt tribinal federal ke yo prevwa. Nan nenpòt aksyon oswa pwosede pou ranfòse oswa pou entèprete Akò sila a, pati gayan an pral gen dwa pou l rekipere kou ak depans yo (ikonpri frè rezonab pou avoka) ke li te depanse an koneksyon avèk yon tèl aksyon oswa yon tèl pwosede e pou ranfòse nenpòt jijman oswa lòt yo te bay.

28. RENONSYASYON POU AKSYON KOLEKTIF

KOTE LALWA KI APLIKAP PÈMÈT SA, OUMENM AK WELLFRAME DAKÒ KE NOU CHAK NOU KA SOUMÈT REKLAMASYON YOUN KONT LÒT MEN SÈLMAN NAN KAPASITE ENDIVIDYÈL OU OSWA NAN KAPASITE ENDIVIDYÈL WELLFRAME MEN PA ANTANKE YON DEMANDÈ OSWA ANTANKE YON MANM NAN YON REKOU KOLEKTIF NAN NENPÒT OSWA AKSYON KOLEKTIF PREZIME OSWA NAN NENPÒT AKSYON REPREZANTATIF. Metsouli ou rekonèt e ou dakò ke pap gen okenn abit oswa jij ki ka konsolide plis ke reklamasyon yon moun oswa otreman ki ka prezide sou okenn fòm pwosedi aksyon kolektif oswa reprezantatif. Seksyon Renonsyasyon pou Aksyon Kolektif sila a ap siviv nenpòt ki rezilyasyon Akò sa a.

29. RESTRIKSYON JEWOGRAFIK

Kontni an ak Sèvis yo baze Ozetazini epi yo founi yo pou aksè e pou moun ki Ozetazini sèlman ka itilize yo. Ou rekonèt ke li posib ke w ka pa kapab aksede tout oswa kèk nan Kontni ak Sèvis yo andeyò Etazini e ke li ka pa legal pou sèten moun oswa sèten peyi jwenn aksè ladan yo. Si w aksede ak Kontni an ak Sèvis yo andeyò Etazini, se responsabilite w pou konfòme w ak lwa lokal yo.

30. ATRIBISYON

Akò sa a ansanm ak nenpòt dwa ak lisans ke yo akòde atravè li, ou pa gen dwa pou transfere l ni ou pa gen dwa pou konfye l san w pa gen otorizasyon preyalab ekri Wellframe sepandan Wellframe ka konfye li san restriksyon. Kèlkeswa tantativ pou atribisyon ke yap eseye fè kap an vyolasyon ak Akò sa a, yap anile l. Akò sa a angaje pati yo epi l asire avantaj pati ki ladan l yo, ak siksesè, eyan dwa e ak eritye ki otorize yo. Ou pa gen dwa sou-lisansye, delege, atribye oswa transfere Akò sila a, lisans yo akòde ladan l lan, oswa nenpòt lòt dwa oswa obligasyon ou genyen selon Akò sila a, annantye oswa an pati.

31. AKÒ KONPLÈ; SEPARABILITE

Akò sila a gen priyorite sou tout pwopozisyon, oral oswa ekri, tout negosyasyon, konvèsasyon, diskisyon, akò, ak tout tranzaksyon pase ki te fèt ant oumenm ak Wellframe an rapò ak Lojisyèl la oswa kondisyon lisans li akòde ou, e se sèlman alekri ke li ka modifye, depi oumenm ak Wellframe nou siyen pou modifikasyon sa a. Sizoka yon tribinal ki gen jiridiksyon konpetan ta jije nenpòt kondisyon nan Akò sa a pa aplikab, lefèt ke kondisyon sa a pa aplikab, sa pa dwe afekte rès kondisyon ki nan Akò sa a nan jiridiksyon sa a ni nonplis tou li pa dwe rann kondisyon ak dispozisyon sa yo nan Akò sa a, non aplikab oswa pa valab, nan lòt jiridiksyon. Depi yo pran desizyon ke youn nan kondisyon oswa dispozisyon ki nan Akò sa a pa valab selon nenpòt lwa oswa règ legal ki aplikab, fòk yo anile yo nan Akò sa a epi fòk yo entèprete rès dispozisyon ki gen nan Akò sa a defason pou yo ka gen pi bon efè rezonab sou entansyon pati epi pati yo dakò pou ranplase nenpòt dispozisyon ki pa valab oswa ke yo pa ka ranfòse, nan yon fason ki mityèlman akseptab, defason pou tranzaksyon yo sible la a ka konsome antanke transzaksyon ke yo te sible alorijin nan lamezi ke sa posib. Yo pap bay okenn renonsyasyon pou dwa oswa pou obligasyon ki nan dokiman sa a, sòf si se pati kont sa yap chèche ranfòse renonsyasyon an ki siyen li nan yon dokiman ekri.

Si w gen nenpòt kesyon sou akò lisans sa a, tanpri kontakte help@wellframe.com. Epitou w ka kontakte nou atravè imèl:


Wellframe, Inc.
ATTN: Legal
470 Atlantic Ave. Floor 8
Boston, MA 02210, USA

Dwa Dotè © 2012- 2021 Wellframe Inc. Tout dwa rezève. Avi Legal

*** OU REKONÈT KE W LI AKÒ SILA A, OU KONPRANN NI, E OU AKSEPTE KONFÒME W AK KONDISYON JENERAL LI YO. ***